Sèvis legal gratis

Rédigé le 26/06/2018
Interpreta


Sèvis legal gratis (Avoka)

Isit la w ap jwenn sit entènèt  sèvis jiridik gratis oubyen avoka  ki ka ede w  :

Kòporasyon Asistans Jiridik (Corporación de Asistencia Judicial)

Li se yon sèvis piblik ki gen misyon oryante ak bay konsiltasyon jiridik ak tout moun ki nan bezwen sa, epi esponsorize jiridikman nan yon fason pwofesyonèl ak gratis moun ki pa gen resous sifizan pou sa : http://www.cajmetro.cl//wp-content/uploads/2012/10/documentos_primera_atencion.pdf

 Nan Rejiyon metwopolitèn nan

Pou plis enfòmasyon nan lang panyòl, ale sou: http://www.cajmetro.cl
                                                       
Dokiman minimòm ki nesesè pou yo resevwa w premye fwa:
http://www.cajmetro.cl//wp-content/uploads/2012/10/documentos_primera_atencion.pdf

 

Nan Rejiyon Valparaíso

Pou plis enfòmasyon nan lang panyòl, rantre sou: http://www.cajval.cl/

Fondasyon Pro Bono

Se yon òganizasyon k ap travay san chache fè pwofi, ki bay konsèy jiridik gratis ak òganizasyon k ap travay san chache fè pwofi, ti entreprenè ak moun, sèktè oswa gwoup vilnerab ki pa kapab peye sèvis yon avoka e ke sistèm asistans jiridik ke Leta genyen yo mete sou kote, tankou Kòporasyon Asistans Jidisyè a. Sa rive fèt nan travay volontè oswa pro bono avoka yo. Asistans sa a gon karaktè eksepsyonèl epi depann de èdtan disponiblite travay volontè  avoka ke Fondasyon an genyen, yon sèvis ki bay sèlman nan Rejyon Metwopolitèn lan. Men, yo ka bay moun nan lòt rejyon yo konsiltasyon nan telefòn. Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, vizite http://www.probono.cl/


Kabinè Jiridik Fakilte Dwa Inivèsite yo

Kabinè jiridik yo genyen yon espas fizik ki fèt espesyalman pou yo anndan fakilte a, kote yo bay kliyan ki pa gen anpil resous yo konsiltasyon jiridik gratis. Yo diferansye yo pa espesyalite (sivil, kriminèl, fanmi, medyasyon, imigran ak refijye, pou mansyone sa yo sèlman)

Kabinè Jiridik Universidad Diego Portales: http://www.clinicasjuridicas.udp.cl/
Kabinè Jiridik Universidad Andrés Bello: http://facultades.unab.cl/derecho/clinica-juridica/
Kabinè Jiridik Universidad de los Andes: http://www.uandes.cl/facultad-de-derecho/clinica-juridica-uandes