"Ampliación del Permiso de Residencia Definitiva en Tramite" pou timoun

Rédigé le 15/04/2023
T-Zen

"Ampliación del Permiso de Residencia Definitiva en Tramite" pou timoun  ak adolesan san ClaveÚnica

Si timoun nan oubyen adolesan pa gen ClaveÚnica epi li bezwen jwenn “Ampliación del Permiso de Residencia Definitiva en Tramite” , demann lan fèt atravè yon “Ticket de Ayuda”
Aprann etap pa etap  kijan ou ka konplete pwosesis la (Gade grafik yo): 
1. Antre sou sit sa : “ ayuda.serviciomigraciones.cl “ epi klike sou “ Nuevo Ticket Ayuda”
2. Ap gen yon fenet k ap ouvri epi w ap ekri tout done yo mande yo: Email, Rejyon, Deskripsyon epi ajoute dokiman idantite timoun nan.
3. W ap resevwa yon email ki gen nimewo fich la. Oud we tann pou yo analize epi reponn w sou menm email la. (Mete yon email ke w toujou itilize)