Etap pou jwenn Rezidans Definitif

Rédigé le 01/11/2022
T-Zen

Pasos a seguir para obtener una permanencia definitiva 

1 . TCHEKE SI VIZA A PA ESKPIRE.

Pou jwenn yon rezidans definitif  nan peyi Chili, ou dwe satisfè kèk  nan kondisyon sa yo:

-  Dezan (2 ane) ak yon viza  sijè a kontra

- Ennan (1 ane) ak yon viza Tanporè

- Dezan (2) Ane  ak viza Etidyan ak diplòm ke w resevwa  nan Chili

- Viza Ofisyèl (omwen yon ane si se yon viza administratif)

2. CHACHE ENFÒMASYON SOU KONDISYON YO

Revize nan ki sitiyasyon  patikilye ou ye  selon viza  w genyen an,  lyen w yo, ak aktivite w yo;   plis enfòmasyon ou ka klike : LA

3. RASANBLE ENFÒMASYON  NESESÈ YO

Satisfè tout kondisyon yo nan sitiyasyon pa w la. Plis ou byen aplike se plis pwosesis yo pral pi vit. Li pwobab pou gen pou ale nan lòt enstitisyon piblik yo  ak konsila ki nan peyi w la . Chak enstitisyon travay ak prensip pa yo e li enpòtan pou konnen yo byen.

5. VOYE DEMAND OU AN

Demand Rezidans Definitif la dwe prezante sèlman nan dènye 90 jou ke viza w genyen an pra l fini. Ou dwe poste sou entenè avek Clave Unica https://tramites.extranjeria.gob.cl/

6. ANALIZ AK REZOLISYON APLIKASYON W LAN

Avèk enfòmasyon ou bay yo ,  yo pral analize ak trete demand ou an. Se responsablite w pou bay tout dokiman yo mande yo . Sinon, yo ka baw refi .

7. NOTIFIKASYON SOU KOMAN PROSESIS OU A YE  (REZOLISYON DEMAND LAN)

Yo ka itilize lapòs pou yo voye  notifikasyon rezolisyon an lakay w  oubyen nan mesaj tèks sou telefòn  (SMS) ou  epi w ka  telechaje li dirèkteman  klike LA.

8. AL RETIRE SÈTIFIKA REZIDANS  DEFINITIF OU

Ou retire  setifika rezidans w sou si t  la  ak Clave Unica w.

9. AL FÈ KAT OU

Ale nan Rejis Sivil  epi mande kat idantite w. Li  pa obligatwa pou minè, men li se yon bon lide pou yo fè l.

Sous: 

  1. Servicio Nacional de Migración

  2. Ministerio del Interior y Seguridad Pública.



Dokiman w ap bezwen pou mande rezidans lan si w ap travay:

  1. Kane w /RUN
  2. Paspo 
  3. Viza
  4. Kazye Jidisye notarye e Tradwi
  5. Kontra travay 
  6. Setififika di toujou ap travay notarye  (Vigencia del Contrato)
  7. Setifika Istorik AFP 
  8. Setifika Istorik  Fonasa