Kat idantite Etranje

Rédigé le 25/11/2021
T-Zen


Kisa Kat Idantite  pou Etranje a ye ?

Tout etranje ki gen plis pase (18) dizwit lane, ki ap viv nan peyi a, ki gen rezidans definitif oubyen  ki gen kèlkeswa lòt tip  viza, se yon obligasyon pou yo genyen Kat Idantite pou Etranje a nan espas  trant (30) jou livrezon sètifika rezidans definitif oubyen depi lè yo kole viza sou paspò a.

Etranje minè ki gen (18) an yo ki gen yon tip de viza oswa yon rezidans definitif  kapab mande  yon Kat Idantite pou Etranje, se pa yon obligasyon. Men si l’ap fè l, li dwe fè sa nan  espas 30 jou ki vini aprè dat  ki ba li 18 an .

Yo pap bay  etranje ki gen yon viza rezidan ofisyèl  Kat Idantite pou Etranje. Sepandan, li ka jwenn li ak akonpayman  otorizasyon “Dirección del Ceremonial y Protocolo del Ministerio de Relaciones Exteriores” nan sans  sa.  Yo pap bay moun ki gen yon kat  touris oswa kat ekipaj  (moun k’ap travay nan avyon) li  nonplis.

 

Pwosesi pou kat idantite nan Chili

Imedyatman ou fin gen viza rezidans lan sou paspò w, ou dwe al fè  kat idantite w nan Registro Civil.  Men sa w dwe konnen:

  •  Fòk paspò pa ekspire 
  • Viza rezidans la nan  la paspò a 

Enpotan: Fotokopi premyè paj paspò a kote dwe byen klè ak san manke moso pou  yo ka  idantifye: Mèt paspò a ,kilè paspò te fèt ,kilè l ap ekspire  ak ki  tip viza li gen sou li, dat mèt paspò te antre nan peyi a (si se yon viza konsilè) ak tout kat rejis pou etranje a. Yon  gwoup fanmiy ki rantre nan peyi a avèk mèt viza pèmanan , gen menm tip viza avek li ,li gen menm dat ekspirasyon tou.

Men ka espesyal yo:

  •  Si aplikan an kite  lespas 30 jou pase  pou mande  kat la, li  dwe jwenn ou byen cheche genyen yon pèmisyon espesyal nan depatman etranje ak  imigrasyon Ministè Enteryè oswa nan gouvèman rejyonal , oswa prèv pinisyon ak sanksyon pou  reta sa a.
  • Si aplikan an gen  yon pwofesyon inivèsite  etranje, e li  vle ekri sa  nan kat idantite l la , premyèman li dwe  valide tit li  a la nan Inivèsite Chili (Universidad de Chile), oswa antre nan youn nan konvansyon ki fè rekonesans diplòm ak kèk peyi, ou ka jwenn tout enfomasyon ak  kondisyon yo na men Ministè Afè Etranjè an. Yon fwa etap sa fèt, ou kapab enskri tit ou a  nan Rejis Pwofesyonèl ki bay   sèvis sa a. Se konsa, otomatikman epi chak fwa ou renouvle dokiman sa a, pwofesyon ou ap parèt sou kat  idantite w la.

Delè pou  kat idantite a :

  • Kat idantite pou etranje yo, sa yo bay moun ki gen viza  rezidan yo, li valid pou menm peryòd ak viza a, eksepte nan ka a  moun ki gen  rezidans definitif yo kote pa yo a ap  dire  (5) senk  lane .

Dat limit pou jwenn kat idantite a nan ka se si premye fwa ou fè demand lan:

  • Dat limit pou pwosesis yon premye aplikasyon pou kat idantite pou  se 18 jou  ouvrab (sa vle di jou nou travay yo : lendi ak vandredi)

II.-Renouvèlman kat idantite a

Lè dat ekspirasyon kat la rive,   mèt kat la  dwe premyèman  chèche  renouvle   viza l , lè fin fè sa li ka aplike pou renouvle  kat  idantite a, l ap prezante menm tip dokiman yo li te prezante pou premye kat idantite a.

Etranje ki gen pèmi rezidans definitif yo dwe soumèt:

1. Si se premye fwa lap resevwa  kat rezidans pèmanan:

  •  Orijinal ak kopi kat rezidans definitif  ke Ministè  Enteryè Ak Sekirite Piblik te ba li.
  • Paspò a (menm si li ekspire) ak tout kopi premye paj paspò a.
  •  Sètifika  valid   ke  Lapolis Envestigasyon Entènasyonal Chili te remèt li

2. Si l  te deja renouvle kat idantite pou Rezidans Definitif la :

  •  Orijinal ak kopi kat rezidans definitif  ke  Ministè  Enteryè Ak Sekirite Piblik te ba li.
  •  Paspò a (menm si li ekspire) ak tout kopi premye paj paspò a.
  • Sètifika valid ke  Lapolis Envestigasyon Entènasyonal Chili te remèt li
  • Ak yon frè kat Idantite pou etranje ki se: $ 4.270.

Sous: Registro Civil