Pèmi Rezidans nan Chili

Rédigé le 01/03/2013
T-Zen


Pèmi Rezidans nan Chili

Pèmi Rezidans se  yon  otorizasyon tout kou ke yo ba w ki pou pèmet w rete sou teritwa nasyonal la e pou ka realize kèk  aktivite ki nan limit lalwa, epi tou se si se yo vle bay yon etranje yo ka ba li li . Kategori sa a  gen ladann li Viza Travay  Viza Etidyan ak Viza Tanporè.

Sonje: Si w ap chanje kay oubyen adrès, ou dwe notifye Depatman Etranje Ministè Enteryè a ak Polis Entènasyonal la nouvo adrès la.

DOKIMAN KI SÒTI NAN PEYI ETRANJE

Nenpòt dokiman ki sòti nan peyi etranje dwe legalize nan  Konsila  Chilyen ki nan peyi kote dokiman fèt la e aprè legalize  nan Ministè Afè Etranjè Chili ki  nan adrès sa « Agustinas 1320, Santiago » ou apostiye ( Apostiy: se yon sètifikasyon inik ki senplifye fason yo te konn legalize  dokiman piblik  etranje  yo, yo modifye fason pou ou pwouve otantisite dokiman pa mwayen de yon sél pwosesis), pou aplike pou Pèmi  Rezidans nan Chili.

Sous: Ministè Afè Etranjè ak Imigrasyon, Ministè Enteryè ak Sekirite Sosyal.