Pwolonjman viza touris Chili

Rédigé le 21/04/2023
T-Zen


Pwolonjman  viza touris Chili 

Tout sa ou bezwen konnen sou pwolonjman viza touris nan peyi Chili.
Si ou Chili kòm touris epi w ta vle fè plis tan ke tan yo bay nan viza a, ou dwe swiv tout gade sa yo : 
1. kèlkeswa dire viza touris la , yo kapab pwolonje l pou 90 jou kalandriye.
2. Pwosesis la fèt sou sit migrasyon : tramites.serviciomigraciones.cl 
3. Pri a se 100 dola ameriken ( w ap peye l ekivalans an pesos chilyen)
4. Yon lèt ki endike rezon ki fè w ap pwolonje sejou a (ak enfòmasyon sipò)
5. Dokiman ki pwouve mwayen legal pou sibzistans ki pèmèt ou rete nan peyi a (montre sous lajan ou genyen, elatriye)
6. Imaj  idantifikasyon dokiman ou te antre a (Paspò, Kat Idantite, DNI).
7. Kat Pèmi Tranzitwa ki valab ak lizib.
8. Kopi lizib otorizasyon davans oswa Visa MINREL te ba w, lè sa aplikab.
9. Tout dokiman sa yo dwe atache nan fòma PDF, ak yon pwa maksimòm de 2MB.
Sonje ke demann lan fèt sou sit sa : https://tramites.serviciomigraciones.cl