VIZA POU MOUN KI P AP VIV CHILI

Rédigé le 22/02/2022
T-Zen

VIZA POU MOUN KI P AP VIV CHILI

DEMAND REZIDANS TANPORÈ POU MOUN KI P AP VIV CHILI.

SNM (Servicio Nacional de Migración)  mete nouvo pwosesis pou mande 3 tip Rezidans Tanporè depi nan peyi kote w ye a:

 

  1. Sijè a Kontra
  2. Tanporè (7 ti Kategori)
  3.  ak Etidyan.

Pou postile  swiv etap  sa yo :

ETAP PA ETAP

1. Antre ladan l ak modpas inik (Clave Única) ou, oswa kreye yon nouvo kont.

1.2 Ou ka kreye yon kont pandan w ap antre enfòmasyon pèsonèl ou ak adrès elektwonik ou (imèl), apresa w ap verifyel nan menm imèl la.

2. Verifye enfòmasyon idantifikasyon ou bay yo, pandan w ap ajoute enfòmasyon kontak ou, vil ak peyi kote w abite ak enfòmasyon dokiman migratwa yo. (Papye pou montre ke kontak ou a legal).

ENPÒTAN: Sèlman y ap aksepte demand viza ki pa fèt Chili, menmjan an tou, y ap verifye dat ekspirasyon paspò a, evite  bay manti nan enfòmasyon  yo.

3. Ajoute enfòmasyon sou nivo edikasyon, aktivite w ap mennen aktyèlman ak aktivite ou pral mennen Chili (kisa w pral fè): chwazi ant 13 opsyon y ap bawou yo. (13 opsyon : )

ENPÒTAN: Aktivite ou chwazi a dwe tonbe dakò ak tip rezidans tanporè ou chwazi a.

4. Konfime enfòmasyon ki nan dokiman idantifikasyon yo, ajoute foto paspò a ak Kazye jidisyè a.

ENPÒTAN: W ap toujou gen pou legalize oswa apostiye  dokiman adisyonèl yo egzije yo  

5. Chwazi si w ap fè l antanke titilè (mèt tèt ou) oswa depandan (depann de yon moun ki rezide nan Chili ).

6. Chwazi kategori Rezidans Tanporè ak rezon ki fè w mande viza a.

7. Voye tout sa yo mande w yo byen detaye daprè  tip Rezidans Tanporè ou te chwazi a: viza travay (Laboral), etid (estudios), vínculos (lyen parante), kantite lajan ki antre, elatriye.

8. Fini epi revize imèl ou ak nimewo verifikasyon an.

Enfòmasyon sila a wap jwenn li nan: https://tramites.extranjeria.gob.cl/tramites/iniciar/248

 

MIGRENFO 2502202: ENFÒMASYON SOU NOUVO LWA MIGRASYON. Li enpòtan pou n konn tout detay sou nouvo lwa migasyon an pou konn kijan pou antre Chili oubyen kijan pou fè fanmi w antre elatriye al gade l sou lyensa https://youtu.be/c67oo7qLXfQ


Demand pou fanmi w Ayiti:  “Visa Residencia Temporal”

Visa consular con vínculo familiar / Reunificación familiar

Enpotan : Si se pa pitit, madanm, mari, manman, papa ou pa menm bezwen fe demand sa

Eskane dokiman sa yo :

1. Email ak mod pas moun Ayiti a (kreye nouvo email pou li / biwo a responsab sa)

2. Paspo ki pa ekspire (ki gen plis ke 12 mwa vancl ekspire)

3. Email ak  telefòn   konplè moun Ayiti a

4. Yon lèt ki adrese a konsila  a ki di motif la ak responsabilite w pran pou w resevwa moun sa

5. Kontak fanmiy ou Chili ki ap resevwa w la/ no. Selilè, adres konplè, email, kat idantite li nan Chili (RUT)  li epi  Setifika Rezidans li nan Chili ( Junta de Vecino ki ka ba li Cerificado de Residencia)

6. Kazye jidisyè dcpj legalize nan afè etranjè an Ayiti (moun ki gen 18 lane)

6.1 Pou timoun ekstrè achiv ki legalize :

- Ministè afè etranjé Ayiti ak Ministè Jistis Ayiti

Epi nan anbasad Chili an Ayiti (oubyen legalize nan ministè Afe Etranje nan Chili /Ministerio de Relaciones Exteriores Chile)

7. Pri demand viza se 25$ usd pou chak moun, peye l nan lajan Chili, peso (fo w peye l menm jou w ap fè demand lan)

8. Moun k ap antre w la dwe montre prev ke l gen lajan pou sa.  Dokiman ki ka montre sa, se :: 6  dènye fich kob yo peye w nan travay la (6 últimas liquidaciones de sueldos),  Relve Bank ki gen 6 dènye mouvman yo (Cartola bancaria), “AFP”, “Fonasa”, “Estado de Cuenta”, “Vigencia de Contrato de Trabajo”, si w gen byen ki sou non w, papye machin kay, biznis ou ka bay yo tou.

9. Sètifika medikal ki di w pa fè maladi enfekstyez, li dwe legalize nan Ministè Sante Ayiti ak Minsitè Afè Etranjè Ayiti (Papye Sètifika Vaksen Covid / si w genyenl – li pa obligatwa)

10. Sètifika ekstrè maryaj (si w marye), ekstrè achiv ki legalize Ministè Afè Etranjè.

*  Si w pa marye fòk ou genyen yon akt notarye Ayiti ki di w ap viv ak moun la nan inyon lib (convivencia civil) depi yon dat e si nou gen pitit ansanm di sa nan akt la*

11. Certificado de cuidador personal pou timoun li dwe siyen kay notè (an absans ou fok genyen dokiman ki siyen kay notè ki di se moun sa ki responsab moun timoun nan an Ayiti, moun ki responsab li a dwe bay kopi paspó li ak adrès, email, epi telefòn li.

Sous: Voz Migrante

MIGRENFO 2502202: ENFÒMASYON SOU NOUVO LWA MIGRASYON. Li enpòtan pou n konn tout detay sou nouvo lwa migasyon an pou konn kijan pou antre Chili oubyen kijan pou fè fanmi w antre elatriye al gade l sou lyensa https://youtu.be/c67oo7qLXfQ