Paspò Ayisyen nan Chili

Rédigé le 01/12/2021
T-Zen


Paspò Ayisyen nan Chili

Dokiman pou fè oswa renouvle paspò :

  1. Paspò w plis de (2) kopi 1ye paj la; (Si w paspò w pèdi, vini ak Deklarasyon ki di l pèdi (rapò PDI /Carabineros);
  2. Kopi batistè oswa ekstrè  achiv nasyonal;
  3. Nan ka yon fanm marye, ajoute yon kopi sètifika maryaj la;
  4. Nan ka yon fanm divòse,ajoute yon kopi sètifika divòs la;
  5. Nan ka yon fanm vèv: ajoute yon kopi sètifika lanmò mari a;
  6. De (2) foto paspò (mezi: 35mm x 45mm):
  7. Resi depo labank la  (145.00 dola ameriken pou gramoun e 120.00  USD pou minè)

Enpòtan: Ou swe peye tou frè sèvis labank : Banco de Chile ,No: 5-362-026-58-05, nan non Anbasad Ayiti.

  1. Nan ka yon aplikasyon paspò pou yon minè, aplikan an dwe nesesèman prezante yon otorizasyon paran notarye ak legalize, siyen pa youn nan paran yo oswa gadyen legal la.

Pa bliye:

Anbasad la toujou ap pibliye lis paspò ki pare yo, rete branche sou paj Facebook Anbadad la oswa sou T-Zen pou konnen

Si w jwenn non nan lis, fok ou ale sou sit la pou konfime ke se ou : https://embajadahaiti.cl/reservas/formularios/retiro-pasaporte/index.php?fbclid=IwAR25MyhhBJPUwhQmTqdiaZXbwd3GWO4ARILlJ2xCF72NHhKktzZcmFBJAzc

Resepsyon demann: Lendi, Madi, Jedi ak Vandredi soti 9:00 a.m. rive 12:45 p.m. ak soti nan 2:00 p.m. rive 4:00 p.m.

Livrezon paspò: Mèkredi soti 2:00 p.m. rive 4:00 p.m. ak Samdi soti nan 10:00 a.m. rive 1:00 p.m.

Sous: Anbasad Ayiti nan Chili