Enfòmasyon itil-Extranjeria

Rédigé le 20/07/2020
Interpreta


Pou Santiago ak rejyon yo

  • Rele Biwo Santral la nan :600 486 3000
  • Orè: 9:00 - 16:00 soti lendi pou rive vandredi. Ou ka pale espanyòl, anglè oubyen kreyòl.
  • Pou ka konnen  kondisyon yo oubyen kòman pwosesis yo ap dewoule sou entènèt ale sou sit sa : www.extranjería.gov.cl

Depatman Etranje ak Migrasyon nan Santiago:

  • Biwo San Antonio 580 ( Metro Plaza de Armas) Orè: 8:30-14:00  soti lendi pou rive vandredi
  • Biwo Fanor Velasco 56 ( Metro Los Heros) Orè: 8:30-14:00 soti lendi pou rive vandredi
  • Pou pran randevou nan  lè w vle pase a, ou ka fè sa  sou paj sa:reservahora.extranjería.gov.cl     


Kat referansyèl pou pwosesis ki nan rejyon metropolitèn nan



Nan pwovens yo, n´ap jwenn  sèvis sa yo nan biwo delegasyon (Gobernación ) an ki tou prè lakay ou.

Sit web ‘’Extranjería’’ a: https://www.extranjeria.gob.cl/ 

Sit Web DEM lan gen enfòmasyon sou chak sèvis, pwodwi ak pèmi  nou bay, anplis ak enfòmasyon nou bay sou depatman nou an, estatistik, lwa migrasyon, bilten enfòmasyon ak lyen pou moun jwenn  enfòmasyon,reklamasyon yo ak sijesyon yo.

Pou enfòmasyon, chache kondisyon yo, telechaje fòmilè yo, konble dout ou genyen, ou dwe klike sou ba ki anlè paj la kote ou ka ka chwazi ant pwosesis pou touris, pèmi rezidans(viza), rezidans definitif ak natiralizasyon.



Etranje Touris yo:



Pèmi Rezidans:

 



Viza tanporè:



Rezidans  Definitif:



Nasyonalite e natiralizasyon:

 



Enfòmasyom enpòtan

Sou lamen dwat nan paj la gen yon seri enfòmasyon ki disponib sou kèk pwosesis ki pa prezante

la a, egzanp,’’Konsilte demand an liy’’ sa pèmèt etranje a konnen fasilman nan ki nivo pwosesis li a ye, sa ap pèmèt ou evite tout reta ki pa two nesesè.

 



Rezèv Lè Randevou a

Pou ou rezève lè randevou a, ou ap bezwen kreye yon kont si ou pa te ko genyen li. Si ou jwenn kèk pwoblèm nan paj la, eseye itilize  lòt navigatè tankou (Chrome, Mozilla).