Kat Idantite pou Etranje/ RUT

Rédigé le 14/04/2023
T-Zen


Kat Idantite  pou Etranje-RUT

Tout etranje ki gen plis pase (18) dizwit lane, ki ap viv nan peyi a, ki gen rezidans definitif oubyen  ki gen kèlkeswa lòt tip  viza, se yon obligasyon pou yo genyen Kat Idantite pou Etranje a nan espas  trant (30) jou livrezon sètifika rezidans definitif oubyen depi lè yo kole viza sou paspò a.

Etranje minè ki gen (18) an yo ki gen yon tip de viza oswa yon rezidans definitif  kapab mande  yon Kat Idantite pou Etranje, se pa yon obligasyon. Men si l’ap fè l, li dwe fè sa nan  espas 30 jou ki vini aprè dat  ki ba li 18 an .

Yo pap bay  etranje ki gen yon viza rezidan ofisyèl  . Sepandan, li ka jwenn li ak akonpayman  otorizasyon “Dirección del Ceremonial y Protocolo del Ministerio de Relaciones Exteriores” nan sans  sa.  Yo pap bay moun ki gen yon kat  touris oswa kat ekipaj  (moun k ap travay nan avyon) li  nonplis.

Sous: Registro Civil