Pran randevou Viza Imanite Pou Brezil

Rédigé le 08/01/2024
T-Zen

Randevou Viza Imanite Pou Brezil

Sant resepsyon demand viza pou Brezil OIM jere an Ayiti ap fè tout moun konnen ke adrès sa (https://via.iom.int/appointment/booking/cavb ) ap pèmèt ou rive sou platfòm randevou pou viza imanitè ke nou tout konnen sou non VITÈM 3.

Men kek ti konsèy enpòtan pou rive fè san pwoblèm :

  • Ou pa bezwen kreye kont ankò men wap bezwenyon adrès imèl ki aktif e ki pou ou. W ap gen pou bay kèk ti kesyon pèsonèl rapid pou ou ka pran randevou a. Nou ankouraje tout benefisyè pou pran randevou ou dirèkteman. W ap gen pou resevwa enfòmasyon sou adrès imèl sa.
  • Tanpri suiv tout etap yo pou ou ka rive finalize randevou a. Asire w ou resevwa konfimasyon randevou a. Randevou a gratis ti cheri.
  • Se sèlman frè 60 dola ameriken chak benefisyè ap gen pou bay pou trètman dosye yo lè ou finn pran randevou a. Ou ka peye frè sa nan Sogebank.
  • Tanpri fòk tout pyès ou kòrèk e koresponn ak sa yo mande pou ka pa ou a paske nou pap remèt kòb frè a.
  • Tanpri mete nimewo telefòn ki fonksyonèl epi kote nou ka jwenn ou.