[Brezil-Viza Imanitè] Tout sa w ap gen bezwen pou jwenn viza a

Rédigé le 05/01/2024
T-Zen

[Brezil-Viza Imanitè] Tout sa w ap gen bezwen pou jwenn viza a. Poze kesyon epi pataje l
Pyès w ap bezwen pou VITEM 3 a ki se viza imanitè a​
  1. Yon paspò ki gen validite pou pi piti 12 mwa jou w ap depoze dosye w la. Li dwe gen omwens 2 paj blanch ;​
  2. 2 foto idantite ki gen fon blan, fòma paspò ki resan, dimansyon (5x5 cm);
  3. Ekstrè kazye jidisyè oswa sètifika polis w ap jwenn nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki valid pou 6 mwa oubyen nan Tribinal Premye Enstans (TPI) ki valid pou 3 mwa. Depi moun nan gen 18 an, kidonk li majè, l ap bezwen dokiman sa.
  4. Rezèvasyon tikè avyon (sa nou rele itinerè vwayaj la).
  5. Ekstrè batistè w ap jwenn nan Achiv Nasyonal. Li dwe legalize nan Pakè, Ministè Jisitis ak Sekirite Piblik ak Ministè Afè Etranje ak Kilt. (Nou p ap aksepte batistè ki fèt nan Tribinal de Pè).
  6. Orijinal fich bank lan ki montre ou peye frè dosye w ap depoze nan CAVB la ki se 60 dola ameriken pou chak benefisyè sou kont OIM nan SOGEBANK n° 2616027989.
- Viza imanitè Vitem III a se pou moun ki majè.