Viza imanitè Brezil (VITEM 3)

Rédigé le 13/09/2023
T-Zen


Viza  imanitè Brezil (VITEM 3)

Nan seksyon sa n ap eksplike w tout pwosesis pou jwenn viza Imanitè pou ale Brezil.

Pou pran randevou  pou Viza Imanitè Brezil  (VITEM 3), ou prale sou lyen sa a : https://via.iom.int/appointment/booking/cavb ke  brezil  Sant Resepsyon Aplikasyon Visa pou Brezil ki travay pou Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (IOM an Ayiti) mete disponib

 

Kèk enfòmasyon Itili:

1. Ou pa bezwen kreye yon kont ankò men w ap   bezwen yon adrès imel  pèsonèl epi ki valab.

2. Yo pral mande w kèk enfòmasyon pèsonèl rapid pou pran randevou a.  Mete tout enfòmasyon yo prè.

3. Lè w fin ranpli fòm nan, y ap voye repons pou ou sou  imèl pou ka swiv rès etap yo.  Asire w ke w swiv tout etap yo pou finalize randevou w la.

4. Randevou yo  gratis. Se sèlman yon frè USD 60 pou trete dosye yo mande pou chak benefisyè epi w ap  peye l  nan  Sogebank lè yo  konfime  randevou.

5. Asire w ke dokiman ou yo ranpli kondisyon yo pou ranpli kòm nan paske yo p ap remèt w kòb ou te peye a.

 

Dokiman pou viza imanitè a (VITEM 3):

  1. Paspò ki valab pou omwen douz (12) mwa

  2. De (2) foto idantite blan, gwosè paspò  (5x5cm);

  3. Kazye Jidisyè oswa sètifika polis ki soti  nan DCPJ  (valab pou 6 mwa) oswa Tribinal Premye Enstans TPI ( valab pou 3 mwa), pou moun ki pi majè yo;

  4. Yon rezèvasyon tikè avyon (Itinerè vwayaj);

  5. Batistè ki soti nan Achiv Nasyonal yo ( dwe legalize Pakè, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik ak Ministè Afè Etranjè ). Yo p ap aksepte batistè ke  Tribinal Depè yo bay;

  6. Resi orijinal la  frè CAVB  US $60 US  la pou chak demann, sou kont OIM nan nimewo SOGEBANK: 2616027989.

Si w bezwen èd, kontakte T-Zen l ap ede w! 

Sous: OIM