Viza Regwoupman Familyal

Rédigé le 22/08/2023
OIM Haiti


Viza Regwoupman Familyal

Sant resepsyon aplikasyon pou demand viza brezil (#cavb) ap enfòme tout frè ak sè ki ap fè yon demand nan kad regwoupman familyal, gen lòt dokiman ke ou dwe prezante anplis de prèv finansye a::
 
1. Papye travay moun ki Brezil la
2. relve bank 3 dènyè mwa moun ki ap viv Brezil la
3. "comprovantes de residência" dènyè mwa moun ki ap viv Brezil la kap konfime ke moun sa gen yon adrès Brezil. Se ka yon resi ki montre ou peye gaz, kouran...
4. Tout dokiman adisyonèl ke ekip Konsila t ka mande.
Li enpòtan pou nou sonje ke CAVB fasilite yon sipò administratif nan koze viza men Konsila nan Anbasad Brezil an Ayiti rete sel enstans ki ka deside si l´ap bay yon sitwayen ayisyen ki ta vle ale Bresil yon viza.
Téléphone : 2817-0320 / 3163-6075/3170-9307