Viza Reyinifikasyon Familyal

Rédigé le 07/09/2023
T-Zen

Viza Regwoupman Familyal Brezil (Reyinifikasyon): Centre de Récception des Demandes de Visas pour le Bresil - OIM

Pou tout moun ki ta renmen aplike pou viza regwoupman familial pou Brezil, Sant Aplikasyon viza pou Brezil ap fè nou konnen ke nou kapab dirèkteman voye yon email sou mailto:iomhaitivrf@iom.int

Mete enfòmasyon sa yo nan mesaj la:

1-Kopi RNE a ki dwe notarye 
2-Kopi pyès idantite moun Brezil k ap fè demand la
3- Yon nimewo telefòn Brezil ak 2 nimewo telefòn Ayiti pou nou kapab fè swivi yo
4-Mete non konplè tout moun ki enplike nan pwosesis la (moun ki Brezil la, non moun ki ap aplike a, oswa represantan lega pou fè pwosesis la)

Gen yon nouvo tarif pou 100 dola pou demann yo.