11 Novanm: Veterans day- Jou Veteran

Rédigé le 09/11/2023
T-Zen

Veterans day- Jou Veteran  11 Novanm: Jou ferye federal: https://youtu.be/iGAslroUTJs

Nan peyi Etazini , Jou Veteran yo,  tonbe  11 novanm, pou ane 2024, li ap tonbe samdi 11 novanm. Kidonk, depi  vandredi, anpil moun, anpil enstitisyon ap komemore l yon fason pou  onore moun ki te mete lavi yo an danje pou peyi yo nan moman lagè.

Orijin jou ferye federal sa ki se  Jou Veteran yo remonte nan Premye Gè Mondyal la. Li reprezante epòk kote tout pati yo te deklare yon trèv, ki te make fen lagè a 11 a.m. 11 novanm 1918. Se te a 11è  , 11yèm jou , nan 11yèm mwa a. 

Pandan w ap viv oubyen pral viv nan yon peyi etranje, li enpotan pou konnen jou ferye yo epi chache konnen ki istwa ki kache dèyè yo.