Operatè Telefòn Selilè/Liy telefòn nan peyi Etazini.

Rédigé le 06/04/2024
T-Zen

Operatè Telefòn Selilè/Liy telefòn nan peyi Etazini.


Yon bagay ki pi enpòtan le w fèk vini nan yon peyi, se konnen ki operatè telefòn ki bay pi bon sèvis nan zòn kote w vini an.


Anpil imigran oubyen touris, lè yo vinn nan yon  nouvo peyi, premye sa yo bezwen fè se jwenn yon liy telefon ki pou pèmèt yo komike ak lòt moun oubyen jwen done pou navige sou rezo sosyal. Chwazi yon liy telefòn konn difisil pou moun sa yo paske yo pa byen enfòme sou non konpayi yo, non plan yo ak avantaj yo ofri. Pou rezon sa , jodia, T-Zen, nou deside pote pou ou  top 3 Operatè nan peyi Etazini pou ka chwazi youn ki respekte bezwen w ak bijè epi ki byen kouvri zon kote w ap viv la:

  1. T-Mobile US 
  2.  AT&T Mobility
  3. Verizon 

 Nou konnen deja mezi lajan w mezi wanga w.  Si w bezwen gen bon siyal entènèt, chache konnen ki operatè ki gen pi bon plan. Rete branche T-Zen pou  plis enfo: migrantes://#!section=40828103&item=pfqih8uW51g


Not: Pa konfon Operatè Telefòn Selilè (T-Mobil, Verizon…) ak konpayi ki fabrike selilè yo (Iphone, Samsung…)
Pa kouri ale, di nou ak ki operatè w ap fonksyone e poukisa se li w chwazi?
T-Zen