A𝐯𝐚𝐧 𝐰 𝐚𝐩π₯𝐒𝐀𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐒𝐧𝐒𝐯è𝐬𝐒𝐭𝐞 etazini ?

RΓ©digΓ© le 03/03/2024
Alce

𝐊𝐒𝐬𝐚 𝐰 𝐝𝐰𝐞 𝐀𝐨𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐰 𝐚𝐩π₯𝐒𝐀𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐒𝐧𝐒𝐯è𝐬𝐒𝐭𝐞 etazini 𝐚𝐧𝐞 𝐬𝐚?

Si w rantre nan #PwogramBiden nan, ou vle kontinye lekΓ²l ou, men kΓ¨k enfΓ²masyon  𝐄𝐍𝐏Ò𝐓𝐀𝐍  ou dwe konsidere pou pa pΓ¨di tan w:

 

  • Chache inivΓ¨site sou baz pwogram ou vle aplike a anvan. Pa aplike nan yon inivΓ¨site san w pa konprann epi evalye pwogram ou vle fΓ¨ a. Chak inivΓ¨site ka ofri menm pwogram nan diferan. Tout pa ofri  menm avantaj.

 

  • Familyarize w ak rΓ¨glemantasyon sou jan ou kapab transfere yon etid. Selon kategori w aplike a, ou kapab pran mwens tan pou w boukle yon etid. Depi w gen yon baz deja nan sa w ap aplike a, ou pa oblije tounen a 0. Kidonk, li enpΓ²tan pou w diskite avΓ¨k yon advisor (konseye nan lekol la) avan w chwazi yon pwogram tou

 

  • Ranseye w KΓ²man inivΓ¨site a ap transfere kredi w pou pwogram nan pou w pa pΓ¨di tan w pou granmesi. Gen inivΓ¨site ki asepte plis kredi ke yon lΓ²t pou menm pwogram nan. Otan yo asepte plis kredi pou ou, w ap ka boukle etid la pi rapid

 

  • Chache konnen opΓ²tinite sou mache travay la, sitou nan state ou ye a sou etid ou vle fΓ¨ a. Ranseye w sou developman karyΓ¨ ak koneksyon pwogram/ inivΓ¨site a ofri a. Se pa tout domΓ¨n w ap ka bwase lajan ladan yo. Gen chwa k ap ba w plis avantaj e ede jere tan. Kidonk, fΓ² w aprann sou travay ou ka fΓ¨ aprΓ¨ etid ou a.

 

Fò sa w gen nan tèt ou ka ba w lajan!

Pa kouri enskri nan yon pwogram jis paske w vle ale lekΓ²l.!

Ou konte aplike nan inivèsite ane a?

Kisa ki  anpeche w?

KΓ²mante  sa w vle aprann plis epi pataje ak yon zanmi w ki Etazini

Sous: Alce 


Byenvini sou platfΓ²m T-Zen. MΓ¨si dΓ¨ske w ap swiv nou!. N ap fΓ¨ w konnen nenpΓ²t enfΓ²masyon ou bezwen sou imigrasyon ak refijye ( touris, travay, biznis, edikasyon, sante, transpΓ², kay, aktivite nan diaspora ,  w ap jwenn yo sou App T-Zen gratis ki disponib pou telechaje sou Playstore o AppStore, sou YouTube ak Facebook T-Zen an. Si w pa jwenn enfΓ²masyon bezwen an, ekri nou n ap chachel pou ou.

T-Zen disponib tout kote. tanpri vizite nou:

Abone ak YouTube T-Zen an : https://youtu.be/SElJbq9_7Uo 

Swiv nou sou Facebook: https://www.facebook.com/tzencht  

Telechaje T-Zen App sou Play Store : https://bit.ly/2QMF8gm 

Telechaje App T-Zen sou Appstore: https://apps.apple.com/es/app/t-zen/id1596886769?uo=4 

Abone a Tik Tok T-Zen: https://www.tiktok.com/@tzen77?_t=8jyY8hbx7Fl&_r=1  

Vizite Sit Web T-Zen : https://tzen.cl/ 

Instagram: https://www.instagram.com/tzen77/ 

X: https://twitter.com/Tzencht