Validasyon Etid Primè ak Segondè

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


Validasyon Etid Primè ak Segondè

Kouman pou mwen valide etid primè oswa segondè si mwen se yon etranje?

Validasyon etid yo se jwenn rekonesans nivo a oswa kou ki te fèt aletranje ke yon  chilyen ki retounen nan peyi li  oswa yon  etranje ki antre nan peyi a, tankou yo prevwa l nan dispozisyon ki nan trete osinon konvansyon entènasyonal ki te siyen ant peyi Chili ansanm ak tout lwa espesyal peyi a ki an aplikasyon. Peyi sa yo se: Bolivi, Chili, Kolonbi, Kiba, Ekwatè, Espay, Meksik, Panama, Paragwe, Perou, Repiblik Dominikèn ak Venezyela. Akò bilateral ak: Ajantin, Almay, Brezil, Espay, Frans, Pèp Izrayèl la, Paragwe ak Irigwe

Nan ka moun ki gen plis pase 18 lane e ke peyi yo soti a pa nan lis peyi ki gen akò avèk peyi Chili oswa ke enterese a pa vle benefisye de akò sa a, l ap ka enskri dirèkteman nan pwosesis Validasyon Etid kote li ap gen pou l fè twazyèm nivo Edikasyon primè epi aprè sa Edikasyon segondè.


Pou validite etid yo, enterese a dwe prezante sètifika etid li an ki tou legalize depi nan peyi kote l soti a. Validasyon etid la fèt nan Inite Rejis Kourikoulòm Ministè Edikasyon atravè revizyon dokiman ki te prezante yo. Pou plis enfòmasyon vizite: https://www.ayudamineduc.cl/oficina-regional?oficina=3466


Si enterese a te valide yon pati nan etid li yo epi li vle kontinye Edikasyon li, li dwe pase egzamen ki gen pou wè ak validasyon an. yon fwa ke li enskri nan pwosesis la, l ap genyen pou l pase egzamen a pati de denye kou ki te apwouve nan pwosesis validasyon an.

Menm pwosedi sa a valab pou etranje ki soti nan yon peyi ki pa gen akò oswa konvansyon sou  validasyon etid ki an aplikasyon.

Enpòtan: sonje ke nan tout ka sa yo ki site avan an, enterese a dwe enskri ak kat idantite ke yo bay etranje yo, yon dokiman ke y ap ba li yon fwa jwenn viza (viza touris pa ka angaje pwosesis sila a). San kat idantite sila a, li p ap kapab enskri.

Sous: Ministè Edikasyon