PAES-Egzamen pou antre nan Inivèsite

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


EGZAMEN POU ANTRE NAN  INIVÈSITE CHILI - PAES

Egzamen Seleksyon pou Inivèsite/Pruebas de Acceso a la Educación Superio (PAES)  se yon seri de egzamen ofisyèl, ki gen objektif seleksyone postilan pou kontinye Etid inivèsite yo nan peyi Chili. Yo bay egzamen nan mwa desanm

PAES la konstwi sou baz kourikoulòm Edikasyon Segondè peyi Chili an epi li chache evalye matyè ke yo anseye yo ak kapasite mantal moun k ap aplike a.
Eprèv ki fè pati de PAES se egzamen ofisyèl ki genyen:

●    Kesyon avèk chwa miltip
●    Repons ki fèmen (Yon sèl repons kòrèk)
●    Repons ki gen karaktè Objektif

Li gen ladan de (2) egzamen obligatwa ki se:
●    Matematik
●    Lang ak Kominikasyon

Genyen de (2) kou ochwa ki se:
●    Syans (Biyoloji, Fizik, Chimi ak Teknik Pwofesyonèl)
●    Istwa, Jewografi ak Syans sosyal.

Li enpòtan pou enterese a konnen ke li dwe pran omwen youn nan egzamen ochwa yo e ke chwa sa dwe fèt daprè kondisyon ki etabli pa chak inivèsite pou antre nan karyè yo genyen yo.
Klike sou lyen sa a epi jwenn modèl egzamen ak fòmilè PSU
http://www.psu.demre.cl/la-prueba/pruebas-y-temarios/presentacion-pruebas-temarios-p2018


Kiyès ki ka pase PAES?

Tout moun ki fini ak edikasyon segondè a ka pran PAES dapre kategori sa yo:
●    Elèv ki fini ak etid yo pandan ane aktyèl la
●    Elèv ki fini ak etid yo pandan ane ki pase yo.
●    Elèv nan etid lib ki fini ak etid segondè
●    Elèv ki fini etid segondè yo depi aletranje.

Tout postilan yo dwe reyalize enskripsyon yo sou Entènèt

Tout postilan ki fini ak edikasyon segondè yo ane sa a, osinon ki fini pandan ane ki pase yo, elèv ki nan etid lib oubyen sila yo ki fini ak etid yo nan peyi etranje, dwe fè enskripsyon sou entènèt, nan lyen sa a:https://acceso.mineduc.cl/portal-inscripcion/

Enpòtan
Patisipasyon enterese a nan chak nan etap pwosesis admisyon an se yon responsablite pèsonèl.
Yo p ap aksepte enskripsyon ki fèt aprè dat limit ki te etabli nan nivo Sistèm Admisyon CRUCH la, dat ki yo pibliye sou paj sa a ak sou sit Sistema de Admisión del CRUCH.

Sous: Departamento de Evaluación, Medición y Registro Educacional, Universidad de Chile.

PAES: Pruebas de Acceso a la Educación Superior