Sistèm Edikasyon Siperyè nan peyi Chili

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


Sistèm Edikasyon Siperyè nan peyi Chili

Peyi Chili garanti dwa a edikasyon an menm tan, libète ansèyman nan nivo Edikasyon siperyè mande patisipasyon leta ak sektè prive a. Se poutèt sa e nan kontèks sa a, sistèm edikasyon siperyè  nan peyi Chili konpoze fondamantalman de aktè sa yo, kote yo chak genyen yon wòl byen espesifik:


a) Enstitisyon Edikasyon siperyè:

Fonksyon prensipal li yo se fòmasyon pwofesyonèl ak teknisyen nan nivo siperyè epi kontribiye nan devlopman syantifik ak teknolojik nan peyi Chili.


b) Inivèsite:

Yo kapab ofri karyè pwofesyonèl ak teknik nan nivo siperyè, e yo gen dwa tou pou yo bay grad akademik tankou lisans, Metriz ak Doktora, menm jan tou yo kapab bay tit pwofesyonèl ak moun ki deja fè yon etid lisans.


c) Enstiti pwofesyonèl:

Yo kapab ofri karyè pwofesyonèl ki pa egzije yon tit lisans avan, ak karyè teknik nivo siperyè. Yo bay tout kalite tit pwofesyonèl, eksepte tit inivèsitè ak teknik ki depann eksklizivman de Inivèsite yo.


d) Sant Fòmasyon Teknik:

Yo kapab ofri karyè teknik nan nivo siperyè ak bay tit teknik.


e) Etablisman Edikasyon Siperyè Fòs Lame ak Fòs Lòd:

Yo kapab bay tit teknik, tit pwofesyonèl ak grad akademik, nan domenn ki gen pou wè ak travay pwofesyonèl yo. Tit ak grad sila yo gen menm valè, nan kondisyon lalwa etabli, ak tit ak grad nan menm domenn ke enstitisyon edikasyon siperyè ki rekonèt pa Leta yo bay.

Sous: Ministerio de Educación