Revalidasyon pwofesyon

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


Revalidasyon  pwofesyon

Pou yon tit pwofesyonèl oswa degre akademik ki soti aletranje valab nan peyi Chili, li dwe jwenn validasyon otorite nan peyi Chili pou sa.

Kounye a validasyon sa kapab fèt nan de (2) fason:

Pou tout tit oswa degre ki soti nan yon peyi ki gen konvansyon siyen avèk peyi Chili:

●    Atravè yon rekonesans Ministè relasyon eksteryè (Ministerio de Relaciones Exteriores)
●    Atravè yon rekonesans Ministè Edikasyon peyi Chili (Ministerio de Educación de Chile)
Pou tout tit oswa degre ki soti nan yon peyi ki pa gen konvansyon siyen avèk peyi Chili:
Atravè revalidasyon osinon rekonesans Universidad de Chile
Se pwosedi sa ke moun peyi Dayiti yo dwe reyalize, paske peyi Ayiti pa fè pati Konvansyon de la Haya a (Convenio de la Haya).
  

Koman revalide yon tit nan “Universidad de Chile”?

1)    Revalidasyon ak rekonesans nan “Universidad de Chile”
Li rekòmande lè w ap aplike pou voye dokiman eskane yo pandan w Chili, paske randevou pou konpare ak verifye yo ak orijinal pyès yo p ap pran plis pase 15 jou biwo apati de repons ke y ap voye sou bwat elektronik ou (imel) pou enfòme w ke dokiman yo nan prosesis pou yo evalye.

Infòmasyon sou pwosesis la


Se responsabilite “Universidad de Chile” rekonèt epi revalide, daprè jan ki apwopriye an, tout tit pwofesyonèl osinon degre akademik ki soti aletranje, sitou peyi ki pa gen konvansyon ki siyen nan lè n ap pale a ak peyi Chili.

Revalidasyon ak rekonesans
Revalidasyon an se yon sètifikasyon ekivalans yon tit pwofesyonèl oswa yon degre akademik ki soti aletranje ak tit pwofesyonèl nan menm nivo an ke “Universidad de Chile” oswa lòt enstitisyon ki espasyalize nan edikasyon siperyè inivèsitè nan peyi Chili bay. Chak moun k ap revalide yon tit dwe chwazi ki tit inivèsitè peyi Chili ki nan menm nivo ak tit ke l genyen an ki soti aletranje.

Rekonesans lan fèt pou degre akademik nan nivo lisans, metriz ak doktora, ak pou tit pwofesyonèl ki soti aletranje e ki pa ta jwenn nivo parèy nan peyi Chili (kondisyon: omwen 80% resanblans).

Dokiman yo mande


    1. Diplòm nivo lisans oswa posgradye nan fòm orijinal epi ki legalize (yo pa aksepte sètifika tit oswa degre, ki gen fon nwa ni okenn lòt dokiman ki pa ta dokiman orijinal la ki legalize)
    2. Relve nòt ofisyèl legalize oswa yon sètifika legalize ki ranseye sou nòt pou chak matyè etid la daprè aktivite kourikoulòm ki te etabli pou etid la, ki endike nivo kalifikasyon maksimòm kou yo epi nòt minimòm apwobasyon chak matyè.
    3. Plan etid orijinal la legalize (li koresponn ak definisyon kantite èdtan oswa kredi pou chak matye kou ki te dispanse yo)
    4. Pwogram Etid la (li fè referans a deskripsyon chak grenn kou ki te dispanse pandan ane etid yo. Papye sa pa bezwen legalize)
    5. Currículum vitae
    6. fotokopi kat idantite oswa paspò
    7.  Abilite pou egzèse pwofesyon an legalize (sèlman lè li aplikab). (Pwen sa pa aplike pou rekonesans tit posgradye).
    8. Fòmilè Aplikasyon ki gen pou wè ak demand revalidasyon / rekonesans tit lan, ke enterese a dwe siyen li menm.
Rantre dosye  pou kòmanse  prosesis la
Voye dokiman yo nan fòma dijital nan adrès elektronik: ingresarevalidacion@uchile.cl
nan fason sa a:

- Endike nan pati “objet” mesaj imel la : non moun kap aplike a - Tit osinon grad la - Peyi a
- Li dwe voye 1 dosye nan fòma PDF pou chak dokiman ke yo mande.
- Dokiman sa yo yo dwe vini anndan yon dosye tou louvri ki pote non aplikan an ke l pataje depi Google Drive li, oswa anndan yon dosye zipe nan fòma (RAR).
- Si dokiman ki ke yo mande yo ekri nan yon lang etranje, yo dwe akonpaye de yon tradiksyon ofisyèl / sètifye pou diplòm, relve nòt, plan etid  ak Abilitasyon a; yon tradiksyon senp sifi pou pwogram etid la.
** Dokiman yo dwe prezante nan kondisyon sa yo pou yo aksepte ak revize.


Revizyon dosye yo


Aprè ke dokiman yo rantre nan pwosesis la nan fòma dijital ke yo mande a, anplwaye biwo a ap tcheke ke dosye a gen tout dokiman yo mande yo epi apre sa, nan yon peryòd maksimòm 15 jou travay, y ap kontakte ou pa imel pou kowòdone yon randevou kote yap konpare ak verifye dokiman orijinal yo epi y ap touche yon frè 2 UTM nan men w. Pou randevou sa a ou dwe prezante an pèson, si w pa kapab vini, ou ka toujou aji atravè yon reprezantan; nan ka sa, reprezantan sila dwe genyen yon pouvwa ke w ba li pa devan yon notè. Si pèmi oswa pouvwa sa a ap fèt depi aletranje, ou dwe mande li nan Konsila peyi Chili nan peyi ou ye epi legalize l. PEMAN FRÈ 2 UTM FÈT APRÈ KE YO FIN VERIFYE ORIJINAL PYÈS YO, NAN OKENN FASON LI PAKA FÈT ANVAN.

Transfè dosye yo nan inite akademik yo

Apre ke yo verifye ak konpare dokiman orijinal yo avèk dokiman dijital ke w te voye avan sa, sou yon peryòd de 20 jou travay, yap voye dokiman oswa dosye a bay inite akademik ki gen pou’ w wè ak sa pou yo ka etidye dosye a. Aplikan an ap enfòme pa imèl e pa lèt nan adrès kay ki te endike sou petisyon an.

Pati a ki enterese dwe peye 3 UTM (http://www.sii.cl/pagina/valores/valyfechas.htm) nan inite akademik ki gen pou wè ak dosye li an pou yo ka kòmanse etid dokiman li yo kòm sa dwa (pèman sa ap fèt lè yo enfòme li pa imel). Inite akademik yo pral kontakte l dirèkteman pou l bay enfòmasyon sou fason pou fè pèman sa a fèt.

Yon fwa ke dokiman yo fin etidye (swa pa Komisyon Vis-rektora nan zafè akademik oswa pa fakilte ak Enstiti ki konsène yo), y ap detèmine si fòmasyon ki te bay petisyonè a dwa ak tit oubyen grad la pèmèt yo ba li oswa refize l rekonesans oubyen revalidasyon tit li te mande a, osinon, si l ap gen pou satisfè yon seri kondisyon -pandan ke Inite akademik ki konsène a ap tou profite enfòme l de konbyen sa ka koute l.


Enpòtan

Rektora “Universidad de Chile” rezève l dwa pou l mande nenpòt lòt dokiman ke li trouve itil ki ka pwouve sitiyasyon ki gen pou wè ak eleman ki te sèvi pou monte dosye aplikasyon pou rekonesans oswa revalidasyon tit ak degre ki soti depi aletranje.

Akòz anpil demann ki fèt sou kesyon sa, konfimasyon dokiman pou pwosesis rekonesans tit ak grad akademik ki fèt pa imel yo ap fèt daprè lòd ke yo rive a, kidonk se pa on dosye ki gen mache prese ladan l. y ap mande n tanpri on ti konprann, nan pa plis pase 5 jou y ap konfime n resepsyon dokiman yo.

Orijinal dokiman ke yo mande yo, yon fwa ke yo fin konpare ak verifye yo nan rektora “Univesidad de Chile” a, y ap retounen yo bay moun ki konsène a. Y ap kenbe dosye a sèlman nan fòma dijital li.

Lè pwen 1, 2, 3 ak 7, nan dokiman ke yo mande yo, ekri nan yon lang etranje, yo dwe gen yon tradiksyon sètifye ki mache avèk yo. Yon tradiksyon senp sifi pou lòt dokiman yo.

Li enpòtan ke dokiman digital yo byen eskane e ke tout enfòmasyon ki ladan yo byen parèt sitou sa ki gen a wè ak paj legalizasyon yo.
Si ou bezwen plis enfòmasyon ak / oswa konsèy konsènan dokiman yo mande yo ak kisa yo dwe ye, ou ka konsilte seksyon “FAQ”, oswa ekri nan adrès imèl ki la pou sa: https://consultasrevalidacion@u.uchile.cl, oswa rele nan  229781023.

Sous: Universidad de Chile