“Kou espanyòl nan Recoleta: Enpòtans pou byen pale espanyòl jodia”

Rédigé le 11/08/2023
T-Zen

“Kou espanyòl nan Recoleta: Enpòtans pou byen pale espanyòl jodia”

Nouvèl sesyon pou klas espanyòl yo ap kontinye  nan Komin Recoleta. Klas yo gratis epi nou bay materyèl pou aprann byen. Nou dispoze yon pwogram k’ap fè w pale Lang nan pi byen. Vini epi envite lòt moun tou.

Chak Samdi depi 2h pm pou rive 6h pm. Nan LICEO PAULA JARAQUEMADA, ki kole kole ak Clinica Davila.

Men adrès la: JUAREZ LARGA 616, RECOLETA (Ou ka desann nan metro Patronato oubyen metro Cerro Blanco)

Konsa tou nou ede konpatriyòt ki nan kou espanyòl fè tramite gratis, nou enfòme yo de sistèm Chili-a, kòman pou yo entegre yo, nan ka pwoblèm, ki sa pou yo fè? Ki pòt pou yo frape?

Enpòtans pou byen pale espanyòl jodia nan Chili

Nou jwenn anpil konpatriyòt ki temwanye , rezon kif è yo vin nan kou sa , se paseke:

1.Yo pa jwenn pwomosyon nan travay yo a koz lang espanyòl la.

2.Yo refize yo nasyonalite Chilyèn nan a koz yo pa eksprime yo byen nan lang espanyòl la.

3.Yo pa janm ka pase egzamen pou lisans Chili a a koz lang espanyòl la.

4.Majorite tramite y ap fè, yo oblije peye lajan paske yo pa konprann lang la ak sistèm an liy Chili a.

5.Malgre anpil konpatriyòt se pwofesyonèl, men yo pèdi anpil bon pòs travay ak lòt opòtinite a koz lang espanyòl la.

6. Nan sosyete chilyèn nan anpil konpatriyòt kontinye ap viktim, ap sibi paske yo pa ka defann yo a koz lang espanyòl la, sitou nan sant sante yo, nan feria/persa, nan kontwòl fiskalizayon, komisarya ak nan tribinal yo...

7.Anpil konpatriyòt ki rive Etazini, Kanada temwanye malgre yo poko pale anglè, se lang espanyòl la ki ede yo jwenn travay epi entegre yo nan peyi-a.

Pou plis enfo ak dout ou genyen, ekri oubyen rele nou nan nimewo sa : +56954390824

Fratènite!

Wadner Maignant