Sistèm Edikasyon nan Chili

Rédigé le 08/05/2023
T-Zen


Sistèm Edikasyon nan peyi Chili

Ministè Edikasyon   se estrikti ki responsab pou jere edikasyon nan peyi Chili ak garanti aksè tout moun nan suiv kou ak modalite yo.   Ane lekòl la kòmanse an mas pou fini an jen . (Mèkredi 1ye mas: Kòmanse ane lekòl la. Mèkredi 28 jen: Dènye jou klas  la)

Edikasyon nan peyi Chili obligatwa depi soti nan 5 pou rive nan 17 lane. Li gen yon estrikti ki bati sou kat (4) etap:

Lekòl matènèl

ki fèt pou timoun ki genyen ant sis (6) mwa pou rive sis (6) lane. Sèlman dènye ane a, ki pote non “Kinder”, obligatwa, e li resevwa timoun ant 5 ak 6 lane.

Lekòl primè:

Kòmanse depi laj 6 zan pou rive 13 zan yo e li divize an de (2) sik kou, premye sik soti depi premye jouk rive klas katriyèm ane. Dezyèm sik la soti nan senkyèm ane pou rive nan klas wityèm ane.

Pwogram edikasyon an gen ladan onz (11) kou obligatwa ki se:
●    Lang Panyòl ak kominikasyon
●    Matematik
●    Syans natirèl
●    Istwa
●    Anglè (obligatwa nan dezyèm sik la)
●    Jewografi ak Syans sosyal
●    Teknoloji
●    Pwodiksyon atistik
●    Edikasyon Fizik
●    Oryantasyon
●    Relijyon (ochwa)


Edikasyon/Lekòl segondè:

Li dire kat (4) lane e resevwa elèv ant 14 a 17 lane. Men jan ak edikasyon/lekòl primè a, Edikasyon segondè a obligatwa. Anndan lise oswa kolèj yo, elèv la ka chwazi edikasyon syantifik-imanitè ki oryante l pou yon karyè inivèsite oubyen edikasyon teknik-pwofesyonèl ki tou prepare l pou mache travay la.

Edikasyon siperyè

Li pa obligatwa sètadi ke li ochwa e peye, yo bay li nan Enstiti Pwofesyonèl, Sant Fòmasyon Teknik ak inivèsite, ki li menm divize an nivo lisans, metriz ak doktora.