Lekòl pou timoun san Rut

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


 Lekòl pou timoun san Rut

ADMISYON LEKÒL POU TIMOUN AK ADOLESAN MIGRAN KI PA GEN RUT CHILYEN. Edikasyon klasik nan peyi Chili garanti pou tout timoun, jèn fi ak jèn gason k ap viv nan peyi a, kèlkeswa kondisyon imigrasyon yo ta genyen.

Nan ka kote etidyan etranje a pa gen RUT nasyonal la, li dwe:

a) Apwoche yon biwo èd Ministè Edikasyon (Mineduc), kote y ap ba li yon Nimewo Idantifikatè Lekòl provizwa (IPE) pou Idantifye l.

b) Avèk IPE a, l ap ka aplike sou sit entènèt www.sistemadeadmisionescolar.cl, otorizasyon preliminè nan platfòm “Equipo de Admisión Regional” bay  la.

c) Si timoun nan gen yon Idantifikatè Lekòl Pwovizwa (IPE), e ke l ta nan ka kote li reyalize ou non yon enskripsyon preliminè, kèlkeswa jan an, li fèt pou l enfòme “Equipo de Admisión Regional” la pou yo abilite ll sou platfòm la.

d) Se responsablite Biwo èd Ministè Edikasyon (Mineduc) pou enfòme etidyan sa yo ki genyen yon Idantifikatè Lekòl Pwovizwa (IPE) ansanm ak paran yo, lè sa apwopriye, nan nouvo sistèm admisyon ki gen pou wè nan zafè lekòl, pou l kapab abilite yo, nan yon peryòd maksimòm 5 jou travay, pou yo reyalize aplikasyon yo a sou entènèt.

Paran ki pa gen RUT nasyonal la

a) Mande yon nimewo itilizatè pou anrejistre kòm paran sou platfòm la. Li enpòtan kenbe nan tèt ou ke nimewo sa a pral sèvi sèlman pou w enskri epi reyalize pwosesis aplikasyon an sou platfòm la.

b) Pwouve kondisyon paran ke w genyen atravè yon “Declaración Jurada”.

ENPÒTAN: Paran yo ak timoun migran ki gen yon RUT nasyonal, ka aplike sou paj entènèt la dirèkteman. Nan ka kote platfòm la pa rekonèt RUN nasyonal paran an oswa elèv la, yo dwe ale nan youn nan biwo èd Mineduc pou yo abilite yo e kontinye ak pwosesis enskripsyon ak aplikasyon an.


Sous: Ministerio de Educación