Dwa Edikasyon

Rédigé le 21/06/2017
T-Zen


DWA NAN EDIKASYON TIMOUN AK

ADOLESAN  IMIGRAN YO

 

Tout timoun imigran yo gen dwe gen aksè nan edikasyon tretman egal ak sitwayen nan peyi a. Aksè timoun imigran yo nan lekòl matènèl oswa lekòl piblik pa dwe limite paske yo se yon imigrasyon iregilye nan timoun nan oswa adolesan oswa manman yo oswa papa yo.

 

Entènasyonal Konvansyon sou pwoteksyon nan Dwa yo nan tout Travayè Migran ak Manm Fanmi yo,
Atik 301.

1. Leta chilyen siyen kovansyon sa a nan ane 2005. Depi lèsa li rantre anvigè nan peyi a, sa leta chilyen promèt lap respekte l, proteje l ak garantize tout lwa ki nan trete entènasyonal sou dwa moun yo.

 

EDIKASYON: YON DWA POU TOUT

  • Edikasyon se yon dwa pou tout moun, kèlkeswa nasyonalite oswa kondisyon imigrasyon yo, epi li se devwa leta a asire ke chak moun kapab jwenn aksè li san yo pa diskriminen yo.
  • Nan peyi a, dwa a levasyon rekonèt nan Konstitisyon an ak nan trete entènasyonal Chili ratifye sou Edikasyon dirije yo sou devlopman an plen moun nan diferan etap nan lavi l. Paran yo gen dwa ak devwa nan edike timoun yo.
  • Sistèm edikasyon an ki konpoze de yon sistèm piblik ak yon sistèm prive. Nan sistèm nan piblik, moun ki gen aksè gratis a pepinyè, gadri, lekòl minisipal ak lekòl segondè yo, oswa konsa yo peye prive-sibvansyone (prive ak kontribisyon leta a) etablisman. Nan sistèm prive a pa gen okenn kontribisyon leta ak moun ki gen aksè nan etablisman peye lajan pou lekòl ak peman chak mwa.



 

TI MOUN AK JEN TI MOUN ETRANJE YO GEN DWA POU APRAN LI AK EKRI NAN CHILI

​​Ti fi, ti gason yo epi jenn ti moun yo kèlkeswa si tiyasyon midratwa fanmi yo, yo gen dwa:

  • Antre nan lekòl nasyonal, oubyen sa yo ki resevwa sibvansyon nan nenpót moman nan ane lekòl la si pa gen espas lekól otorize dwe fé plas pou “resevwa elèv la”.
  • Yo dwe enskri kèlke swa sitiyasyon migratwa manman, papa, oubyen moun ki responsab pa ta gen papye.
  • Dwe gen posibilite pou antre, rete epi kontinye nan sistèm eskolè a, nan menm kondisyon ke elèv chilyen an, nan akó avek realite bezwen yo. Posibilite sa yo ka enkli fleksibilite nan lè:
  • Resevwa benefis leta tankou kat etidyan pou peye machin, sekirite eskolè, bous pou manje, transpò ak materyél eskolè nan kondisyon egal ak tout rès lòt etidyan yo ki bezwen yo.
  • Yo pa gen dwa diskriminen yo epi yo dwe reseva yon trèman nan men tout moun kap viv nan kominote eskolè a.

 

PROSESIS ENSKRIPSYON

Pou enskri yon ti moun ou byen yon jenn ti moun nan yon lekèl ou dwe swiv konsey sa yo:



 

MANDE ENSKRIPSYON PROVIZWA

Enskripsyon provizwa pèmèt ti moun yo konmanse al lekòl pandan yap regle dokiman nesesè pou ka enskri definitif.

Premyèman ou dwe ale nan lekòl ou renmen an mande pou yo aksepte ti moun yo. Yon fwa ke yo aksepte ou dwe mande yon otorizasyon pou w “enskri ti moun nan provizwa”, nan depatman oubyen provens edikasyon oubyen sekrete rejyonal ministé (SEREMI), dokiman sa a dwe remét nan yon ti tan tou kout jan sa mande a:



Si ou pa gen dokiman sa yo oubyen dokiman sa yo pa legalize, ou ka mande pou yo enskri ti moun nan sou rezév.

 

Enskripsyon nan etablisman edikasyonèl

Tout ti moun yo ka enskri nan lekòl la lè yo montre otorizasyon enskripsyon provizwa a, yon fwa yo fin fè enskripsyon an, li rekòmande pou kòmanse fè prosesis pou enskripsyon definitif la.

2.-Si li pa gen papye lekól kote li soti a, yap mete l nan klas kote tout elèv ki gen menm laj avek li.

 

Demand Enskripsyon definitif

Enskripsyon definitif la pèmèt tout ti moun yo ka retrove yo nan clase ki koreponn nan, pou ka jwenn dokiman sa a, li enpòtan sètifye etid li fè nan peyi li, pou li ka rekonet nan Chili. Prosesis sa pa dwe pran plis ke twa mwa soti depi lè yo te enskri la.

Elèv ki enkri sou rezèv yo ki pa gen sètifika etid yo ezije yo ka mande possesis pou valide etid yo, prosesis sa fè nan depatman edikasyon provens edikasyon an.

Tout moun ki etidye nan peyi ki gen akò ak Chili3, gen sètifika etid yo legalize (4), yo kapab valide etid yo anvan san yo pa bezwen bay ekzamen. Yo dwe prezante sètifika sa yo nan inite nasyonal anrejistreman kou ministè edikasyon nan San Camilo Nº 262 Santiago. Tout moun kap viv nan rejyon ka remèt dokiman yo nan depatman provens edikasyon ki pi pre l la oubyen nan sekretè rejyonal ministè edikasyon.

Yon fwa ou fin jwen stifika ki rekonèt etid yo, ti moun yo ka enskri definitivman epi kontinye etid li nan kou kote li dwe ye a.

3.  P prensipal konvansyon Andrés bello kote peyi sa yo siyen, Bolivi, Chili, Kolonbi, Kiba, Ekwatè, Espay, Mesik, Panama, Paraguay, Perou, Repiblik, Venezyela. Anplis gen konvasyon bilateral ki siyen ant, Ajantin, Brezil epi parague.
4.  Pou dokiman sa yo gen valé nan Chili, yo dwe leta peyi kote moun nan soti a dwe sétifye,epi legalize li nan anbasab Chili. Nan peyi nou, li dwe legalize nan Ministé afé Etranjé. Lé yon dokiman bezwen yon tradiksyon ofisyél, yo dwe mande tradiksyon an nan depatman tradiksyon del Ministé Relasyon Eksteryé. Si o upa gen dokiman sa yo, mande nan konsil peyi ou la.

 

DEMAND VIZA REZIDANS POU ETIDYA NAN LEKÒL

​​Tout ti moun nan sitiyasyon san papyeepi ki enskri nan provizwa oubyen definitif, ka ranje sitiyasyon migratwa yo epi mande yon viza rezidans pou etid nan nivo eskolè. Prosesis la ka pran 4 mwa anviron sa yo dwe swiv:




Si o upa gen entènèt, ou ka jwen enfòmasyon nan depatman etranjè ak migrasyon, selman rele nan 600 486 3000.

 

​SI DWA EDIKASYON OU TA VYOLE

Si dwa pou ti moun yo al lekòl la pa respekte, sa vle di jwen obstak lè pou w antre oubyen pou enskri nan yon lekòl; si yo pa vle ba ou sèvis pou antre lekòl nan egalite kondisyon ak chilyen yo; oubyen diskriminen paske se yon etranjè, ou ka:

  • Prezante yon plent pou diskriminasyon nan sipè entandan edikasyon nan sit wèb sa a denuncias.supereduc.cl oubyen direkteman nan biwo rejyonal la.
  • Prezante plent nan biwo yo resevwa moun nan Ministè Edikasyon nan sit wèb sa a web ayudamineduc.cl rele nan telefòn sa a 6006002626 oubyen nan biwo rejyon direkteman.
  • Nan lekòl yo nasyonal yo. Ou ka prezante yon lèt bay direktè apou reklame dwa ou epi pote kopi a bay Biwo Infòmasyon ak Reklam Sigjesyon (OIRS) nan meri kote w rete a.

Si ou konsidere ti moun yo pa gen dwa pou jwen edikasyon paske yo se etranje oubyen pou lòt rezon, ou ka prezante yon rekou de jistis oubyen yon plent atravè kòporasyon asistans jidisyè a. Pou kontakte yo ou ka antre justiciateayuda.cl oubyen nan nimero sa a 600 440 2000 ó 22 362 82 00 sou telefon ou.

Menm jan an ou ka mande oryantasyon legal nan organizasyon sa yo ki ede etranje (san peye):

  • Sèvis jezwit pou imigran ak refijye (SJM) nan paj wèb sa a sjmchile.org oubyen nan telefòn sa a 22 838 7560
  • Fondasyon èd sosyal legliz kretyen (FASIK) nan paj wèb sa a fasic.org oubyen nan telefòn sa a 22 695 75 34.


POU KA KONNEN

Dwa pou edikasyon ti moun yo etranje yo proteje nan:

  • Konvansyon Dwa ti Moun.
  • Pak Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal epi Kiltirèl.
  • Konvansyon Entènasyonal sou Proteksyon Dwa tout Travayè Etranje ak tout Fanmi li.
  • Dwa moun se tout sa, tout moun genyen paske yo ekziste, san konte ras li, laj, seks, oryantasyon seksyel, idantite epi si fanm ouvyen l gason, lang, relijyon idantite kiltirèl, opinyon politik, nenpòt lòt nati, orijin sosyal, pozisyon sosyal ekonomik, nivo edikasyon kondisyon migratwa, refij, repatriye, san peyi, deplaseandan peyi a, diskapasite, oubyen nenpòt lòt kondisyon sosyal. Prensip de baz dwa moun ki se respé pou diyite moun, se yon bagay tout posede menm jan ak egalite tout moun kap viv .

 

KONTAK ENPÒTAN

Ministè Edikasyon
www.mineduc.cl / www.ayudamineduc.cl
Telefòn: 600 600 26 26

JUNJI – Komisyon Nasyonal Jaden Danfan
www.junji.cl
Telefòn: 226545000

Fondasyon Entèg
www.integra.cl
Telefòn: 800 540 011

Depatman Etranjè ak Imigrasyon
www.extranjeria.gob.cl
Telefòn: 600 486 3000

Depatman Legalizasyon Ministè Relasyon Eksteryè
www.minrel.gob.cl
Direksyon: Agustinas 1320, piso 1, Santiago.
Telefòn: 22 827 46 14 / 22 827 46 15

Kòporasyon Asistans Jidisyè
www.justiciateayuda.cl
Telefòn: 600 440 2000 ó 22 3628200
tape l nan telefòn ou.



Instituto Nacional de Derechos Humanos

www.indh.cl