Lwe kay Chili

Rédigé le 22/04/2022
T-zen


Nan peyi Chili, gen  anpil kondisyon moun dwe respekte anvan w lwe yon kay. Kidonk nou vle gide w sou ki papye yo pral mande w ak ki egzijans y ap fè w anvan yo lwe w yon kay  :

Lwe  yon kay oubyen yon apatman nan Chili

  •  Kat idantite: Ou dwe gen yon fotokopi tou de (2) bò kat idantite ou yo. (Li kapab fotokopi paj paspò w tou).
  •  Fich salè (Liquidaciones de Sueldo) : Ou dwe bay twa (3) fich ki montre kòb yo te peye w nan travay ou an nan twa (3)  dènye mwa yo , si ou pa ta genyen l, ou ka  mande patron an li, oubyen moun ki responsab pou l peye w nan travay la.
  • Aval: Yon aval se yon moun (garan) ki garanti sitiyasyon ekonomik lokatè a, si yon jou ou menm ki   lokatè a pa peye lwaye a, se moun ki ba ou  aval la , se li k’ap oblije peye. Garan an dwe prezante  menm tip dokiman ak lokatè a, epi montre akreditasyon sitiyasyon ekonomik li.
  • Rapò DICOM: DICOM se yon rapò ki montre  si w dwe  oubyen si w pa dwe kòb, sa vle si w pa gen dèt (Kredi kay, kredi Machin, Kredi bank, kredi inivèsite,) ki  eskpire.

     Ou pa oblije bay li, men anpil mètkay konn mande l. Ou kapab mande  rapò DICOM nan  sou sit entènèt DICOM Equifax   oswa Bilten Rapò komèsyal  (Boletín de Informes Comerciales ), . Gen youn ki gratis, men li pa konplè ; gen youn lòt k ap koute w 14,999 CL ki gen tout enfòmasyon yo , w ap peye sou entènèt ak yon kat de kredi, oswa si w ap viv nan Santiago ou ka ale nan Metro Universidad de Chili pou fè demand lan. Klike sou lyen sa pou achte l  : https://sec.equifax.cl/compraonline/ficha-producto/3/Informe-de-Arriendo-Dicom

    Si w bezwen konnen si w bezwen sevis ak konsey kontakte  T-Zen

  • Sètifika  travay ou:  Se yon dokiman ke kote w  travay la ba w, omwen ki gen ladann infòmasyon sou : Non kote w  ap travay la , RUT konpayi an, tit travay la, konbyen kòb  w ap touche,  ak konbyen tan w te dire nan travay la oubyen si w kontinye ap travay toujou .

Si w ap travay poukont ou, ou dwe montre ki kantite kòb ou antre avèk yon fich /oswa yon relve kont bank.

  • Sètifika Bòn vi ak mès (certificado antecedentes): yo konn mande sètifika Bòn vi ak mès, ki montre ke w pa yon vakabon oubyen ou pa t pran  prizon pou move zafè.

Depo  (deposito: se yon kòb ou depoze an avans kòm garanti, si yon jou ou pa ka peye mwa, y ap tou touche l . Si w ap kite  kay avan lè, ou dwe anonse propriyetè sa pou l ka remèt  depo a ou te fè a.


Kisa Dicom nan ye ?

Li se yon achiv   ki gen enfòmasyon finansye ak komèsyal  moun yo  ak konpayi yo (dèt yo). Dokiman sa  li  aksesib piblikman

Ki dèt ki antre nan DICOM

Se tout dèt kredi ak garanti Leta, dèt sibvansyon, prè ipotèk ak nenpòt kredi yon bank oswa yon lòt enstitisyon finansye akòde w. Sa vle di, bwat konpansasyon, dèt taks, dèt kat kredi, elatriye.

Konsekans lè w nan DICOM

Kòm bank yo, enstitisyon finansye yo ak met kay yo epi  biznis yo itilize dosye DICOM pou konprann konpòtman finansye ak kredi kliyan yo, sa pral defini lavi finansye ak komèsyal w, selon jan kredi w ye , ou ka apwouve  oubyen pa apwouve yon kredi.