Achte kay ak sipò Leta

Rédigé le 05/12/2016
T-Zen


Achte kay ak sipò Leta

Pwogram Leta pou fanmi  pwòp kay pa w, k ap viv nan sitiyasyon vilnerabilite sosyal.

Sipò Leta  sa ap  pèmèt moun sa yo ka  achte yon kay  nèf oubyen yon kay dezyèm men (kay oubyen apatman) nan vil yo  oswa nan provens yo, san yo pa peye ipoteke kredi.



Men etap pou pase  pou ka postile:(*) Kantite lajan sibvansyon sa yo  ka varye an fonksyon de zòn jeyografik kote kay la ye a, nan ki kondisyon patikilye kay la ye ak nan ki kondisyon  fanmi ki ap benefisye a a ap viv.

 

Men etap pou pase  pou ka postile:

  • Konnen pousantaj kalifikasyon  sosyo-ekonomik Rejis Sosyal  Kay  (Registro Social de Hogares: RSH).  Rejis Sosyal Kay la se yon sistèm enfòmasyon ki rive  jwenn Leta pa mwayen  kay ak òganis  tankou  Sèvis Enpo Entèn yo (Servicios de Impuestos Internos), Rejis Sivil (Registro Civil), Administratè  Fon Revokasyon (Administradora del Fondo de Cesantía), Enstiti pou Sekirite Sosyal (Instituto de Previsión Social), Sirentandans de  Kontwòl Isapre (Superintendencia Isapre), Ministè Edikasyon (Ministerio de Educación), avèk lòt ankò , se yon fason pou yo ka  sipòte kandidati  ak seleksyon benefisyè  yo nan enstitisyon yo ak ajans Leta yo ki bay benefis ak benefis sosyal.

Pou sa, ou ka vizite sit sa www.registrosocial.gob.cl , rele  nan nimewo sa 800 104 777 oswa  pale ak yon responsab meri a .

• Chèche konsèy sou pwogram ministè a  epi  chache konnen ki dat  aplikasyon yo lanse.

• Louvri yon kont epay pou kay  pou depoze kòb sou li.

• Rezève davans  yon jou ak yon kote pou ka ale dirèkteman (prezans ou enpòtan)  pou  aplike, fè resèvasyon sou sit sa www.minvu.cl   oubyen rele MINVU Alo.

• Pwosesis aplikasyon an ka fèt sou entènèt oswa an pèsòn nan Biwo Atansyon Pèsonèlman Serviu a (Oficinas de Atención Presencial) oswa nan biwo Leta ki fèt pou sa.



Kijan yo finanse w pou  achte yon kay?

KRITÈ JENERAL pouu  aplike

• Fok gen omwen 18 an.

• Fòk gen yon kat  idantite nasyonal ki pa eskpire. Moun ki etranje yo  dwe bay, anplis de sa, yon sètifika rezidans pèmanan (Certificado de Permanencia Definitiva)

• Fòk ou fè pati  de 40%  moun  ki gen mwens resous yo , tou depann de kalificasyon sosyo-ekonomik  ke yo etabli nan  Rejis Sosyal Kay (Registro Social de Hogares, RSH) *.

• Fè ekonomi  minimòm yo egzije a sou kont epay pou kay la, sou non moun ki  aplike a, li sipoze  10 UF, pita ki se denye jou ouvrab la nan mwa ki anvan dat aplikasyon an.

• Enskri nan RSH la an gwoup de fanmi. Moun ki  k ap viv pou kont yo, pa ka aplike (Yon fanmi ki gen yon sèl moun), eksepte moun ki andikape yo (ke COMPIN rekonèt), granmoun yo, moun ki gen kalite endijèn yo , moun ki rekonèt nan rapò  Valech lan ak madanm ki gen mari yo mouri oubyen mari ki gen madanm yo mouri.

* Moun ki aplike yo nan yon pwogram kay  pou ane  2014 oswa 2015, ka fè l ankò nan 2016 avèk kalifikasyon (pwen)  ki endike nan enstriman sosyo-ekonomik ki te valid  nan dènye aplikasyon ou te fè an .

Konbyen pwen ou te gen anvan?

• Fòk ou te  fè 8,500 pwen pou pwoblèm kay (carencia habitacional) selon dosye  Pwoteksyon Sosyal (FPS)ki valid.( Protección Social (FPS))

• Sistèm nan pral reflete otomatikman enfòmasyon ki  pi favorab  pou aplikan an.

• Fanmi ki pa t aplike nan 2014 ak 2015, kapab sèvi ak Rejis Sosyal Kay (RSH)  e pa bliye   kondisyon an se fè pati de  moun ki gen Kalifikasyon Sosyo-ekonomik  yo nan 40% ki pi vilnerab yo ( pôv) .

•  Enfòmasyon sou gwoup fanmi an ak sou kay la  y ap jwenn yo nan RSH,pou yo kalkile evalyasyon sosyo ekonomik ki pral pèmèt yo seleksyone aplikan yo.

Sous: Ministerio de Vivienda y Urbanismo)