Si w viktim vyolans na relasyon w

Rédigé le 03/03/2023
T-Zen

Kisa pou m fè si m viktim vyolans nan relasyonm ak memnaj mwen, ansyen mennaj oswa moun mwen nan konkibinay avèk li an?                                                                                                                                            
Nan peyi Chili, Leta pwoteje fanm k ap viv oswa ki te viktim vyolans nan relasyon ak patnè yo, ansyen patnè yo oswa moun yo nan plasay avèk li an.

 Mwen vle èd men m pa konn kijan pou m fè sa?

●    Leta ap ba w konsèy epi ede w, ke se fas a fas oswa nan telefòn. Al wè yon vwazen, yon zanmi, yon fanmi, oswa yon kòlèg travay nan ka sa. Fè konfyans epi pèmèt yo ede ou.

●    Ale nan youn nan 103   Centros de la Mujer  ki nan tout peyi a, menm si ou pa denonse okenn moun.

    Rele nenpòt ki lè nan nenpòt ki telefòn, menm si ou pa gen kredi sou telefòn selilè ou nan nimewo ki parèt anba yo:
800 104 008 Oryantasyon nan zafè vyolans sou fanm nan SernamEG
133 Lapolis peyi Chili
149 Sèvis Telefonik pou koute Fanmi nan Lapolis peyi Chili
134 Polis Envestigasyon peyi Chili

●    Ale dirèkteman nan:
Komisarya Lapolis oswa Polis Envestigasyon. Jwenn lis Komisarya yo sou sit entènet sa epi jwenn Polis Envestigasyon PDI nan lyen sa a  .

Nan Ministè Piblik la. Chache kote li ye nan  lyen sa a

Tribinal Jistis yo. Jwenn sa ki nan vil ou nan sou lyen sa.  

Enpòtan: Pou yo aksepte plent ou vin depoze, ou dwe fè l an pèsòn epi ou gen dwa pou denonse yon moun kantite fwa ke sa nesesè.

Sous: Servicio Nacional de la mujer y Equidad de Género