Salvador pare pou l resevwa 5000 moun. Eske w ladann?

Rédigé le 10/04/2024
T'Zen

Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele ap ofri 5,000 paspò gratis a "etranje ki trè kalifye" ki vle vin tabli nan peyi a, epi ki pral kapab aplike pou sitwayènte salvadoryen.


Prezidan Salvadò a di ke yo ap ofri paspò yo gratis bay "syantifik, enjenyè, doktè, atis ak filozòf ki soti nan lòt peyi ki trè kalifye" ki vle tabli nan El Salvador. Gouvènman an pral fasilite demenajman yo epi li garanti yo "0% taks  sou antre ak  fanmi yo ak byen yo (ki gen ladan "atik ki gen valè komèsyal tankou ekipman, lojisyèl ak pwopriyete entelektyèl") https://youtu.be/ALniPAOMH7g?si=1dQUZv5U50ZEiMsH