Pri Sevis Migrasyon Etazini ( USCIS) ap ogmante an avril 2024

Rédigé le 31/01/2024
T-Zen


Pri Sevis Migrasyon Etazini ( USCIS) ap ogmante an avril 2024

Apati de avril 2024,USCIS anonse  y ap ogmante pri majorite aplikasyon migrasyon. Men lis nouvo pri yo :

  • I-130: fanmi kap bay fanmi rezidans, li pase de $535 a $625, siw ap fèl anliy, $675 sou papye.
  • I-131: dokiman vwayaj, li pase de $575 a $630
  • I-485: Ajisteman estati pou kat rezidans, li pase de $1225 a $1440 pou gran moun. De $750 a $950 pou ti moun ki gen mwens ke 14 lane.
  • I-751: Pou chanje yon rezidans 2 zan a 10 zan, li pase de $595 a $750.
  • I-765: kat travay pase de $410 a $470 siw ap fèl anliy. $520 si se sou bout papye.
  • N-600: aplikasyon pou mande setifika sitwayènte pou ti moun, li pase de $1170 a $1335 siw fèl anliy e $1385 siw fèl sou papye.

Vizite website USCIS (US Citizen and Immigration Services pou plis enfo.