Kisa 4 jiyè a ye nan Amerika?

Rédigé le 04/07/2023
T-Zen


Kisa 4 jiyè a ye nan Amerika?

Jodia 4 jiyè se yon dat enpòtan nan Istwa pèp ameriken an.  4  jiyè 1776 yo te siyen Deklarasyon Endependans yo. Se pou sa chak 4 jiyè yo selebre Jou Endepandans  sa ak seremoni ofisyèl, ak fedatifis, parad, ak kwit manje nan lè lib.

Jodia menm si w pa pale anglè pase bò yon Ameriken di l “Happy Independence Day” oubyen “Happy 4th of July”.

Li enpòtan pou konn dat endepandans peyi w ap viv la. Eske w konn dat Chili? Brezil ? Kanada? Meksik?  Sen Domeng? Etazini?