18 Septanm: Selebre Jou Ferye Patriyotik nan Chili

Rédigé le 18/09/2023
T-Zen

18 Septanm:  Selebre Jou Ferye Patriyotik  nan Chili

Dat sa a make anivèsè premye gouvène nasyonal an1810. Evènman sa a se yon bagay ki enpòtan paske li inisye chemen ki mennen nan liberasyon ak endepandans  peyi Chili, ki te lè  sa a yon koloni peyi Espay.

Pou selebre jou ferye nasyonal yo, fanmi yo ak zanmi yo te rasanble tankou Fondas, Ramadas ak Chinganas, jodi a se sèlman tradisyon Fonda  ki kontinye viv.

Ramada

Ramada vle di "gwo branch trese", jou ferye sa a se te yon tradisyon ke moun ki t ap viv andeyò pou antre Chil, yo fete fèt la anba pyebwa ki gen bon lonbraj, youn nan fòs se te vann manje  ak bwè, se te yon bèl  espas  pou yo pataje ak montre rekòlt rezen ak bon pate ki fèt ak men  men fanmin yo 

Yo te entèdi nan 1836, paske  yo te konsidere li pa  civilize ak foman nan vil la. Sepandan, yo kontinye  fè l an cachèt jounen jodia 

Chigana

La Chigana  soti nan mo Quechua "chincana" vle di "labirent" oswa "kote ki fasil pou pèdi".  Sa se yon tradisyon ki vini nan migrasyon moun ki t ap viv andeyò ki antre  lavil la. Li te fèt nan ti zòn ki pòv yo  ak popilè yo, kote  se manje ak bwason epi yo te ajoute mizik ak dans popilè, ki rele Cueca. Yo te entèdi l , men yo te kon fè an sekrè. Kounyè li pase mòd .

Fonda 

La Fonda, se pi gwo selebrasyon  nan tout nou te site yo la. Fèt sa fete nan bèl tikay oubyen nan bildin ki te kòmanse depi 16èm syèk, se yon espas pou anpil  komès, plizyè kalite manje, bwè, mizik ak dans, men nan ane aktyèl  yo kreye enstalasyon  konsa pou vwayajè yo te kapab  alèz, gade byen chwal yo epi ofri pi gwo konfò pou asistan yo.

Jodi a nou jwenn Ramadas ak Fondas nan tout peyi Chili, kondisyon yo chanje ak jodi a tout selebrasyon yo te kontanple Manje, bwè, dans, mizik ak jwèt tradisyonèl pou timoun ak granmoun.

Pate (Empanada)

Pate (empanada): yon farin kwit plen ak vyann ak tout zonyon ak Chichak (se yon fèmantasyon rezen) yo pa janm pa prezan nan fèt patria. 

Cueca

Cueca a, dans  tradisyonèl la  nan fèstivite sa yo, te fòje ak nouri nan tout istwa, jodi a li gen yon entèpretasyon plis lib ak pèsonèl. Cueca a reprezante premye etap nan renmen zafè mennaj yo, youn konnen y lòt, youn evite lòt , epi yo vinn jwenn ansanm. Gen lòt ki  panse ke dans popilè senbolize frekantasyon ki genyen ant kòk la ak manman poul epi yo  menm di ke mouvman cueca trase chemen solèy  ak lalin.