Vizite Mize nan Santiago

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Mize Rejyon metwopolitèn yo: Viv pandan w ap aprann

Mize yo nan Chili prèske kòmanse  depi ane endepandans yo (1810), sèlman 20 ane aprè separasyon peyi a ak Espay, nou jwenn mize ki pi ansyen nan peyi a ki se Mize Istwa Natirèl (Museo de Historia Natural), ki jodi a gen 187 lane depi l egziste.

Pi bon bagay pou vizite nan yon mize e ke souvant fwa, nou pa rive reyalize ke yo pèmèt nou viv, eksperimante ak konprann istwa ak kilti nou san ke nou pa rete nan woutin lan, aprann plis pase enfòmasyon ki sou entènèt, lekòl oswa inivèsite yo. Nou ka aprann konnen plis sou Chili nan plizyè domèn si n chwazi al profite divès kalite mize ak fanmi nou. Li fasil epi li ofri anpil opòtinite ke nou ka profite gratis si nou vle. Nou ap jwenn yon panopli mize plizyè kote nan Santiago soti nan mize istwa rive nan mòd.


N ap kite pou ou yon lis avèk rekòmandasyon pou w pa ret nan kay pou w al viv yon ti kras plis sou Chili.


Museo de Arte Precolombino: Antre lib pou timoun anba 10 lane. Antre lib chak premye dimanch nan mwa yo.
Adrès: Bandera 361, Santiago, Chili.
Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, klike isit la


Museo de Arte Contemporáneo: Antre lib chak jou nan ane a nan 2 lokal li yo.
Adrès: Ismael Valdés Vergara 506, Santiago, ak Av. Matucana 464 Santiago.
Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, klike isit la


Museo de Aeronáutica: Antre lib.
Adrès: Avenida Pedro Aguirre Cerda N ° 5000, Los Cerrillos - Santiago
Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, klike isit la

Museo de Artes Decorativas: Antre lib
Adrès: Recoleta 683, Santiago.
Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, klike isit la

Museo Interactivo Mirador: Li rekòmande pou n ale ak timoun. Jou mèkredi yo pri an redwi a mwatye pri nòmal la.
Adrès: Avenida Punta Arenas 6711, La Granja, Santiago.
Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, klike isit la

Museo de la Moda: Pri rantre a an jeneral se $ 3.000 peso, etidyan $ 1.500 peso, timoun rive laj 12 zan ak granmoun twazyèm laj yo rantre gratis.

Adrès: Avda. Vitacura 4562. Vitacura. Santiago
Pou plis enfòmasyon nan lang Panyòl, klike isit la


Si vizite mize se pasyon ou, w ap jwenn on pakèt lòt nan lyen sa a.

Otè: María Trinidad Bravo , Universidad del Desarrollo