Modismos chilenos-Langaj Chilyen

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Modismos chilenos-Langaj  Chilyen

Eske kèk fwa lè nou sòti lakay nou, nou wè bèl mize, plas piblik, ak aktivite yo nan lari a? Nou tande bri machin, zwazo yo ak langaj chilyen ke nou pa konprann. Mwen te apran vit langaj chilyen yo paske fanmi manman mwen se chilyen epi te esplike m langaj ke mw te bezwen. Men yo te di mwen langaj san esplikasyon pou mwen te ka konprann kontèks yo.


An imajine oumenm, premye jou ke nou rive lakay grann, nou pa byen konnen l, nou genyen petèt 6 èdtan nan Chili, ou pa konnen lang epi sa ki pi mal, se fèt ou. Bon, sa te pase m, se te pi move eskperyans nan lavi m, tout moun tap di “fue muy pajero el viaje” (vwayaj la te long anpil), “¿la pulenta?” (se vre?), “qué choro” “qué bacán” (toulede vle di bon bagay). Epi, mwen te rete “marcando ocupado” (san konprann anyen), aprè yon tann tonton mwen avèk zanmi mwen yo te eksplike m ki sa yo te vle di, egzanp, “fue muy pajero” sa vle di li te difisil oubyen komplike, “¿la pulenta’” vle di “se vre? “Qué choro” o “qué bacán” vle di bon bagay ak “marcando ocupado” se lè w pa konprann anyen. 


Panse ou menm kisa sa te siyifi, aprè tout ane sa yo nan Chili byenke mwen pa konnen tout langaj yo men m ap aprann yo epi itilize yo chak jou.

Otè: Theodor Thoms, Inivèsite de Desarrollo