Langaj animal chilyen yo:

Rédigé le 28/06/2018
Interpreta


Chili se yon peyi zowolojik: langaj animal chilyen yo


M ap ekri pou zanmi mwen yo epi pou frè ak sè mwen yo ki lakay nou. Chili se yon peyi zoolojik, le mw sòti nan lari mw ka wè towo(1) ak zèb(2). Lè mw bezwen konnen yon bagay, mw toujou mande krapo(3), li konnen tout. Chyen mw (4) ak rena(5) mw, yo ansanm avèk mw tout kote, nou toujou ansanm, lè nou kana(6) dousman nou fè yon bèf(7) e nou fini byen. Yon move bagay nan chili, se kite yon kochon deside si yon bagay byen ou mal, pou sa nou p janm  pote viktwa jiskaske nou fèl. Kòk yo(8) ak poul yo nan Chili damou, men kèk fwa nou kap wè yo distrè nan lari a, pou sa toujou dwe pran atansyon lè n ap mache nan lari a, atansyon ak vyann sèch avèk yo.


Mw vle rakonte nou tou ke mwen sonje nou, pa tankou yon bèf(10). Vin vizite m pou nou ka ansanm nou tout ankò. Mwen vle konnen jodi a tout bagay ki pase depi mwen te ale. Pa doute ekri m ankò, nap kolorye makak(11) lè nou rive, tankou jan nou fèl lè nou te piti, tankou nan tan pase.

PD: si ou pa konprann di mwen, tout moun pale mal nan Chili e ou kopye.

Siyifikasyon pawòl sa yo

1.- Toros: Se refiere a los “lomos de toro” que es una variación que sobresale del pavimento, su objetivo es que los vehículos disminuyan la velocidad.

1- towo: sa vle di “do towo” ki se yon varyasyon ki sòti depi atè nan lari a, objektif li se ralanti vitès machin yo.

2.-Cebras: Por pasos de cebra que son las líneas blancas dibujadas en el pavimento de las calles con el objetivo de los que peatones puedan cruzar de forma segura la calle, ya que los automóviles deben detenerse antes del paso de cebra.

2- zèb: zèb la se liy blanch ke yo atè nan lari a pou moun ka travèse san kè sote, paske machin yo dwe kanpe avan liy yo pou moun ka pase.

3.- Sapo: Persona a la que le gusta estar enterado de todo lo que ocurre y que es capaz de armar chismes.
   
3- krapo: moun ki renmen konnen tout sa ki pase e ki kapab kreye tripotay.

4.- Perros:  Significa amigos fieles.
4- chyen: vle di zanmi fidèl

5.- Zorros: Significa amigos inteligentes.

5- rena: vle di zanmi entèlijan

6.- Pato: Se refiere a no tener dinero

6- kana: sa vle di nou pa gen lajan.

7.- Vaca: Juntar dinero con la colaboración de amigos

7- bèf; sa vle di sanble lajan ansanm ak zanmi.


8- Gallos y gallas: Hombres y mujeres.
8- kòk ak poul: gason ak fi

9- Ojo al charqui:  Estar muy atenta a todo lo que está ocurriendo

9- atansyon ak vyann sèch: fè anpil atansyon ak tout sa ki kache.


10- No sean vacas:  No ser ingratos
10- pa tankou yon bèf: ou pa dwe ingra

11- Pintar el mono:  Llamar la atención
11- kolorye makak: rale atansyon.