Eske w konnen Patronato?

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Eske w konnen katye Patronato?

Patronato se yon katye komèsyal ki gen anpil mouvman nan komin Recoleta vil Santiago, kote ou ka jwenn tout bagay sòti nan rad sezon ki bon mache, twal, dekorasyon pou kay, rive nan yon varyete gastronomik peyi tankou kore, Lasiri oswa Pewou ofri.

Nan katye Patwonato, machann toupatou nan mond lan viv ansanm e li pa difisil pou w jwenn yon biznis kote se Arab, Koreyen, Chinwa oswa Endyen k ap vann, layite pwodwi kilti lakay yo nan tout lari yo epi pote machandiz ki sòti toupatou nan mond lan vann nan peyi Chili .

N ap jwenn plis pase 2.108 magazen katye sa ant lari Santa Filomena, Patronato, El Manzano, Domínica, Buenos Aires, Eusebio Lillo, Dardignac, Asunción, Montevideo, Antonia López de Bello, Loreto ak Recoleta.

Kòman pou w fè rive?

Rive Patronato trè fasil, pou w fè sa, ou ka pran liy 2 Metro Santiago nan direksyon Vespucio Norte epi desann nan Estasyon Patronato. San konte sa, ou kapab bay tèt ou bourad pandan ou al sou sit entènèt https://www.metro.cl/planificador/ epi chwazi depi estasyon ou ye a wout pou w rive nan Estasyon Patronato.

Ou ka rive Patronatou tou si w monte yon otobis Transantiago. Pou chèche konnen ki wout k’ap mennen w Patronato, ou ka antre sou sit https://www.transantiago.cl/ epi planifye vwayaj ou depi kote w ye a.

Sous: Barrios Comerciales de Chile