Eske w konnen Bellavista?

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Eske w konnen katye Bellavista?

Nan mwens pase 500 mèt estasyon Metro Baquedano, lè w travèse pon Pio Nono, Komanse katye Bellavista, ke yo konnen sou non populè li "El Bella", sant inivèsitè, lib, familye ak kiltirèl. Kote sa a karakterize pa divèsite panorama ke ou kapab jwenn nan sektè a.

Pandan jounen an, ou ka vizite divès kote ki konstitiye nanm katye sa a, tankou kay ki sèvi mize La Chascona, kote powèt Pablo Neruda te viv oswa rive nan dènye bout lari Pio Nono, zokòt katye sa a, w ap jwenn ferokaril ki ka mennen w jouk nan tèt mòn “San Cristóbal”.
 

Lè lanjelis ap rantre, katye a vin yon kote ideyal kote w ka pase yon bon moman ak zanmi epi bliye problèm. La a, w ap jwenn divès kalite restoran, piblisite, kote pou w bwè ak diskotèk, kote w ka byen pase ak zanmi w san w pa depase gwo kòb.

Kèk konsèy si w pral lannwit:

●    Pa janm ale pou kont ou, paske menm si se yon kote ki gen anpil fèt e ke w ka pase on bon moman, ou paka anpeche w kwaze ak delenkan, se poutèt sa, evite kite bagay ou sou je.


●    Pa bwè alkòl deyò espas ke yo fè pou sa, paske ou ka peye amann oswa yo ka aretew.


●    Pa sèvi ak telefòn selilè nan lari a, mache ak lajan ke w konnen w ap bezwen pou itilize, epi pa bliye pote dokiman w chak jou.


Escrito por Carolina Rojas, Universidad del Desarrollo