Bibliometro: Pou Prete Liv

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Amize w ak bon jan lekti  nan  Bibliometro

Eske w vle li yon bon liv, men ou pa rive jwenn yon ti tan pou mande li nan yon Bibliyotèk piblik? N ap presente w “Bibliometro”, yon rezo Bibliyotèk piblik metro Santiago ak Dibam (Direksyon Bibliyotèk, achiv ak Mize) qui deplwaye nan 21 estasyon metro ki bay sèvis soti lendi pou rive vandredi a pati de 9vè nan maten pou 9vè nan aswè.


Nan “Bibliometro” w ap jwenn plis pase 3.000 kopi zèv literè tankou pwezi, woman, disètasyon, istwa, komik, ak lòt toujou, nan objektif fè promosyon pou lekti nan yon fason ki pou amize w.

Enskripsyon pou sèvis la gratis epi li ka fèt dirèkteman nan nenpòt nan 21 sant sèvis ki chita anndan estasyon metro sa yo:
●    Liy 1: San Pablo, Pajaritos,Los Héroes,Baquedano,Tobalaba, Escuela Militar,Los Dominicos
●    Liy 2: Vespucio Norte,Cal y Canto, Los Héroes,Franklin, Ciudad del Niño, La Cisterna.
●    Liy 4: Tobalaba, Plaza Egaña, Macul, Plaza de Puente Alto.
●    Liy 5: Plaza de Maipú, San Pablo, Quinta Normal, Plaza de Armas, Baquedano, Irarrázaval, Bellavista de La Florida.

Anplis, “Bibliometro” gen yon sant operasyon ki kole ak Bibliyotèk Nasyonal Santiago ki sitiye l nan ang “Avenida Libertador Bernardo O'Higgins 651 ak Mac-Iver .
Orè: Lendi pou rive Vandredi, soti 9:00 nan maten rive pou 6:00 nan apremidi.


Ki kondisyon pou yon moun enskri?

Pou w enskri, ou dwe konnen:
Si ou se etidyan epi ou genyen mwens pase 18 lane, men dokiman ou dwe prezante:

●    kat idantite oswa “pase escolar” (Kat lekòl, inivèsite oswa sant profesyonèl). Si enterese a gen mwens pase 12 lane, li kapab prezante batistè li oswa “Libreta de familia” (se yon ti liv nan fòma paspò ke sèvis “Registro civil” bay ki genyen enfòmasyon sou fanmi an sètadi non manman, papa, ak timoun ki konpoze fanmi sila a)
●    Prèv adrès nan non youn nan paran enterese a. Li ka yon resi pèman de yon sant Komèsyal (Falabella, Ripley, etc.), yon kont sèvis (dlo, kouran, entènet,etc.) oswa, a defo de dokiman ki site avan yo, yon sètifika adrès kay ki fèt nan non pati ki enterese a ke komite katye li a bay. Dokiman sa a pa ka depase 6 mwa.


Si w gen 18 lane ou plis, ou dwe prezante:
●    kat idantite.
●    Prèv adrès kay ki fèt nan non enterese a (kont Komèsyal tankou Ripley, Falabella, etc.) oswa kont sèvis (dlo, kouran, entènet, etc), oswa yon sètifika adrès kay ki fèt nan non enterese a ke komite katye li a bay.