“Pololeo”

Rédigé le 19/06/2018
T-Zen


“Pololeo”: Pou nou pataje yon relasyon santimantal, nou dwe tankou ti bich

Nan peyi Chili, genyen anpil ekspresyon (ke yo rele modismo), yo sèvi ak anpil ladan yo pou yo senplifye nan yon mannyè kèk lizaj ki fèt nan lang panyòl la. Menm si chak chilyen konprann de kisa y ap pale, li toujou bon pou w  konnen kote mo sa yo soti.
 
Yon ti mo ki soti nan lizaj moun yo nan jan y ap viv chak jou epi ki rive fofile kò l rantre nan vokabilè chilyen an se mo "pololeo" a. Poukisa nou rele “pololeo (panyòl chilyen)” yon bagay ke lòt peyi yo rele fiyanse (novio nan panyòl lòt peyi yo). Kontrèman ak lòt ekspresyon ke Chilyen yo itlize, nou jwenn mo “pololeo” a nan diksyonè Real Academia Española (ki se yon Enstitisyon ki chita kòl nan vil Madrid ki gen wòl pou li regilarize lang lan). Yo di ke mo pololeo a soti nan yon ensèk k ap vole ke yo rele pololo tou. Ensèk sa sanble tèt koupe ak eskarabe ki genyen an jeneral yon koulè zoranj ak yon kantite tach nwa sou pati anlè karapas li bò kote li gen zèl li yo. Yon gwo karakteristik ensèk sa genyen, li anmèdan anpil. Li toujou ap chache vole pi wo pase yon lòt pou l ka eseye poze sou do li. Se rezon sa ki fè ke yo rele moun ki renmen avè w  “pololo”. Yo sèvi ak mo sa pou yo pale de yon moun ki pran angajman pou li nan yon relasyon santimantal ak yon lòt san ke sa pa twò serye.

Kredi  tèks : Marco Soffia , Univerisidad de Desarrollo